9 C
New York
Thursday, March 28, 2024

Siye Lam nou ak Lanmou

M’ap gade ou, ou ap gade m’Limyè si reyonant ki sot nan zye ou klere chimen mwenM’ap mande si se ou pèsòn pa reponn.Mwen di reveye m’ yo ignyore m’. Cheri lè ou te pati, lavi m’ te pèdi vitèsMwen te santi mwen dezoleTout bagay te an dezòdM’ te panse ke lanmou nou periYon pati nan mwen te fin pèdi. Lè ou te bòkote m’ ou te fè bonè m’Ti mo nan bouch ou te rann mwen imòtèlKarès ou te pi dous ke yon kanasikTrandrès ou te elwanye m’ de tristès.San mwen te tresayi chak fwa ou touche m’. Jodi a ou tounen vin jwenn mwenKiyès ki ta di sa, kiyès ki ta kwè sa.Sa se yon bagay ineksplikabMen lanmou nou va siye lam nou.Lanmou nou va klere toujou.  Cancy Francois 07/15/2006

Related Articles

Latest Articles