12.2 C
New York
Friday, April 26, 2024

Nou Bouke!

nou bouke aArdain Isma

CSMS Magazine

Konpatryòt, pandan ke le mond antye ap plere avèk moun Abaco e Grand Bahama, mwen vle fè nou sonje ke anpil ayisyen nan Bahamas ap viv la tou, nan katye Pwa Kongo, Nan Labou e gen nan yo ki ap travay nan jaden. Se nan ti ajoupa yo ap viv.  Jiska prezan nou pa gen oken nouvel de konpatryòt sa yo. Mwen fè tout efò pou antre an kontak avèk moun ke-m konnen, men li enposib.

Istwa siklòn sa, se yon trajedi ki pral afekte plizyè jenerasyon moun kap viv sou zile Abaco e Grand Bahama. Yo anpil: Jamaiken, Bahameyan, Ameriken, fanm, gason, men pou Ayisyen, se dènye plas you toujou bayo. Sitou lè ou konnen ki jan yo trete ayisyen nan Bahamas.

Si yo moun arrive antre an kontak ak yon nan ayisyen say o, pataje-l ak CSMS Magazine.

Nou bouke mouri kay moun!

Nou bouke pran imilyasyon kay zòt!

Nou bouke Camilo!

Nou bouke Ti Pous!

Nou bouke Deisy!

Nou bouke Gérard!

Nou bouke Rose-Phillipe!

Nou bouke Harry!

Nou bouke Maggy!

Nou bouke Geggie!

Nou bouke!!!!!

Nòt: Jwen CSMS Magazine sou:

www.facebook.com/csmsmagazine

www.twitter.com/csmsmaga

Related Articles

Latest Articles