12.2 C
New York
Tuesday, April 23, 2024

Enstiti Kreyòl Ayisyen

Pa Jean Forest Petit-FrèreEspesyal pou CSMS MagazineBoston—Ann repase memwa danfans nou pou chèche sonje refren chante sa. “Mwen soti lavil Jakmèl mwen prale Lavale, an arivan m kafou Benè, panama mwen tonbe (bis), panama mwen tonbe, panama mwen tonbe, panama mwen tonbe, sa ki dèyè ranmase li pou mwen”. Si ou sonje refren sa a, chante l ak yon bèl souri, fredonnen l ak kè kontan.  Se sou lè melodi sa a ak plizyè lòt bèl tèks pwezi lang natif-natal ak kilti peyi Dayiti zòt taye banda kòm sadwa yon lòt fwa ankò nan pwogram dete Enstiti Kreyòl Ayisyen nan Inivèsite Masachousèt ( UMass) nan Boston pandan twa senmenn, soti 26 Jen pou rive 14 Jiyè ki sot pase la a.  Nan Boston, sa fè pase ventan denpi etranje kou Ayisyen ki pa maton nan lang Kreyòl Ayisyen gen chans al aprann osinon foubi lizyè lakonesans yo sou lang ak kilti peyi Dayiti.  Men depi plis pase dizan se UMass ki ofri klas say o an kolaborasyon avèk Depatman Etid sou Lafrik, Pwojè Etid sou Ayiti avèk Divizyon Kowoperasyon Edikasyon Kontinye a Distans.            Enstiti Kreyòl Ayisyen pote siyati sa a paske se pa peyi Dayiti sèlman vrèmanvre ki gen yon lang Kreyòl ki rele l chèmèt chèmètrès.  Genyen anpil lòt peyi ditan lakoloni te alamòd ki pale pwòp Kreyòl pa yo.  Chak peyi sa yo bay Kreyòl pa yo a siyati non peyi yo tankou Kreyòl Ayisyen, Kreyòl Kap Vè, elatriye.  Sepousèt rezon pwovèb la jodiya di Kreyòl Dayiti pale, Ayisyen konprann.  Kididonk tout Kreyòl se Kreyòl men tout Kreyòl pa menm.  Mentou sa pa vle di tou gen de Kreyòl ki pale Ayisyen pa konprann preske twaka nan pawòl la, sitou pou peyi Lafrans te kolonize yo.              Te genyen yon bon valè etidyan ane sa a nan enstiti a.  Sepousa, enstiti a pataje yo an twa pòsyon konsa: fèk kòmanse, antrede enpi maton. Nan detan twamouvman, etidyan yo gentan aprann li, ekri, konnen règ gramè yo avèk fason lang sonnen byen nan zorèy, fè konvèsasyon avèk moun ki pale lang dlololo.  Ane sa, enstiti a te ofri anplis klas Teknik Tradiksyon an Kreyòl pou moun ki enterese jwenn sètifika pou fè tradiksyon an Kreyòl osinon pou moun ki vle jwe wòl entèprèt pou Ayisyen nan tribinal.            Pou respekte yon tradisyon ki tabli depi lontan, se yon latriye pwofesè ki gen karyè nan ansèyman ki fè kou Enstiti Kreyòl Ayisyen an.  Nan mitan yo, nou jwenn dirèktè a Dr Marc Prou ki alatèt enstiti ya depi premye jou li fèt la.pou jous jounen jodiya.  Pwofesè Prou fè kou nan ivivèsite UMass epitou li travay nan Depatman Etid sou Lafrik nan menm inivèsite sa. Pwofesè Prou fèk jwenn chèz li nan inivèsite sa a.   Sa vle di li se pwofesè atitre ofisyèl nan UMass.  Chapo ba pou li, kominote Ayisyen nou yo bezwen plis Ayisyen konsekan ki kwè nan kat didantite sa a nan nivo akademia.  Nou jwenn tou Lesly Rene, non plim se Konpè Le ki anseye nan Lekòl segondè ak lekòl mwayèn nan Lekòl Piblik Boston yo.  Konpè Le, ki te fè karyè li kòm enjenyè nan IBM, fè editoryal ak analiz politik sou Ayiti Fokis chak dimanch maten.  Se gason ki pale Kreyòl li avèk pwotokòl paske li kwè Kreyòl la se youn nan pi gwo zouti devlopman peyi Dayiti sou tout plan ak nan tout ang ou vle konsidere devlopman..             Nou jwenn ankò yon fanm vanyan Dr Lunine Pierre-Jérôme kap bay enstiti a mòlèt denpil tikatkat.  Dr Lunine Pierre-Jérôme travay pou Lekòl Piblik Boston yo kòm pwofesè kap fòme lòt pwofesè sou kozman akizisyon dezyèm lang, sètadi kijan youn moun kapte yon dezyèm lang apre lang manman li epitou li fè fòmasyon sou alfabetizasyon .  Dr Lunine Pierre-Jérôme aprann pwofesè tou divès kalite estrateji pou ede yo konprann kilti elèv ki soti nan lòt peyi ki pa Etazini yo.  Li montre yo tou plizyè lòt metòd pedagojik pou fè elèv sa yo fè pwogrè pi vit nan zafè lenstriksyon.  Dr Lunine Pierre Jerome te konn travay kom pwofesè bileng nan Lekòl Piblik Boston lè pwogram bileng yo te alamòd nan Boston.  Ansyen elèv li yo toujou bal ochan lè yo rankontre ak li nan lari pou konsèy ak ankourajman li te konn ba yo.Dr Pierre Jerome fe konnen “plis yon pwofesè konprann kilti yon elèv, se plis li konn elèv la, plis li konn elèv la, se plis li fasil devlope estrateji adapte pou anseye elèv sa a pi byen”.            Ajoute sou ekip solid de lòt pwofesè ki travay pou Lekòl Piblik Boston tou se JoelTheodat kap bay enstiti a lebra denpi lè enstiti a te derape pou jouk jounen jodia. Joel di fòk enstiti a kanpe djanm pou reprezante kilti peyi Dayiti, fòk gen plis enstiti sètadi fòk enstiti Kreyòl Ayisyen boujonnen nan tout inivèsite pa bò isit tout kote gen moun ki pale Kreyòl Ayisyen. Nou pap bliye Patrick Sylvain ki se yon ekriven anmenmtan yon powèt tout moun nan siyaj literati konnen byen nan lakou Boston. Se prèske chak ane Patrick sòti avèk yon rekèy.  Patrick te di yon powèm pal an Kreyòl devan Carole Desmesmin ki te fè chantèz la pat sere emosyonl lè l deklare pawòl yo fè tout san nan kòl mache.            Kò etidyan an li menm se yon konsòsyòm pwofesyonèl kap mennen aktivite yo nan plizyè domèn nan sosyete pa bò isit.  Yo pap viv nan menm eta ni yo pap travay nan menm depatman. Nou jwenn sikològ, pwofesè lekòl mwayèn, pwofesè inivèsite kap fè rechèch sou mizik evanjelik legliz de Dye yo an Ayiti, enfimyè, manm gouvènman meriken, powèt, ekriven, etidyan medsin, doktè, antropològ, monpè elatriye.  Anfen se yon defile moun tout koulè, yon popouri plizyè pwofesyon, plizyè nasyon, ki te pran randevou nan enstiti a pou vin aprann pale Kreyòl Dayiti Toma.  Se pa pou gran mèsi grenn pwomwnnen di Kreyòl natif-natal peyi Dayiti a, se sèl lang kreyòl plis etranje aprann pale nan inivèsite nan peyi meriken.               Sekonsa, genyen yon makonn inivèsite ki ofri kou pou aprann pale Kreyòl Ayisyen jounen jodi a. Nou twouve yo nan LaFlorid, nan Nouyòk, nan Indiana ak nan Masachousèt, elatriye.  Genyen anpil liv ak lòt materyèl didaktik an Kreyòl ki egziste pou mache men nan men ak kou yo pou pèmèt etidyan aprann lang lan nan bon ti mamit. Pwofesè yo te sèvi avèk liv sa yo: Ann Pale Kreyòl (Valdman), Esperans Dezire (Mercedès Guignard, non plim li se Deyita,Kreyòl Pale Kreyòl Konprann (Marc Prou), Li, Konprann, Ekri (Michel Ange Hyppolite non plim li se Kaptenn Koukourouj), Mèt Lawouze (Educavision) se yon tradiksyon Gouverneurs de la Rosée liv Jacques Stephen Alexis.            Kalite etidyan espesyal sa yo ranmase lang lan nan jan l mare sosis li ak kilti Ayisyen plop-plop.  Genyen plizyè faktè ki lotè sa posib tankou pa egzanp etidyan ki te vle patisipe kòm volontè nan aktivite ki tap fèt nan òganizasyon kominotè Ayisyen yo te byenvini.  Genyen lòt tou ki te fè ladesant kay kèk konpatriyòt ki teke Angle sèlman, sa te fòse etidyan etranje yo fè plis efò mete paten nan konpreyansyon yo pou aprann pale epitou konprann lang pi vit.  Metsousa, enstiti a kreye yon espas apa li rele banbòch kreyòl kote tout gwoup yo rasanble pou yo li, pou di powèm, pou tire kont epi bay epi chache konprann devinèt menm jan sa te konn fèt nan tan lontan lè tout moun te reyini nan lakou leswa an ba yon bèl lalin ki klere souri l tankou lasirèn dyaman.             Pandan twa semenn sa yo, etidyan te benyen, santi bon, poudre nan anbyans Kreyòl Atisyen ase. Yo aprann tèlman byen genyen youn pa egzanp ki te vini avèk yon kont ki ta ka chache kont lèl pati konsa krik tout moun reponn krak epi li di: li kache kòl nan yon tikwen poul fè letou dimonn, kisa li ye?  Apre anpil bwè pwa ak kase tèt, tout moun te fin pa reyalize se tenb lapòs ki pote pari a.  Toutsa toujou se te banboch Kreyòl la.  Banbòch Kreyòl te fini nan yon maryaj gita ak tanbou kote pwezi ak mizik t ap danse an amoni.    Mr. Jean Forest Petit-Frère sou gita avèk pwofesè Marc Prou sou tanbou te jwe detwa nòt mizik nan fòlklò nou ki te touche venn sansib tout moun ki te la tankou “Imigrasyon tenten met men nan kolèt mwen, li dim pa sitizenn..” avèk “Lè la libere Ayiti va bèl o, wa tande ala yon ti peyi mache o wa tande”.            Lang Kreyòl Dayiti a ap make pwen de tanzantan, l ap vale teren anpil san l pap fè twò gwo bri.  Sa pa fè lontan depi Dr Lunine Pierre-Jérôme te prezante travay doktora li sou sijè ki gen rapò dirèk avèk enpòtans lang Kreyòl la nan idantite elèv Ayisyen.  Genyen yon pakèt lòt travay kap kontinye fèt nan nivo doktora nan inivèsite sou Kesyon kreyòl la.  Dr Prou di “rèv li se pou Enstiti Kreyòl la toujou rete gaya epi yon jou pou literati Ayisyèn rantre nan kourikoulòm kou tout inevèsite nan peyi bò isit”.  Gen ekspè ki fè konprann lang se zouti, gen lòt ki fè konprann lang se zam, gen atis ki fè konprann lang se richès, antouleka, lang kreyòl la se kle kap louvri pòt richès ak devlopman peyi Dayiti.Pst!!!, Gwo kout chapo pou tout moun ki te patisipe nan reyisit enstiti kreyòl la ane sa a. Jean Forest Petit-Frère se yon edikatè Ayisyen ki rete nan Masachousèt.  Li se yon manm aktif Asosyasyon Edikatè Ayisyen-Ameriken nan Masachousèt ak lòt òganizasyon ki regle koze ekidikasyon ak aktivite kominotè. Jean Forest Petit-Frère se korespondan CSMS Magazine nan lakou Boston.Nòt:  Pèson pa gen dwa repebliyé atik sa a san li pa mande pèmisyon. 

Related Articles

Latest Articles