12.7 C
New York
Friday, April 19, 2024

Ayiti: Lè-a rive!

ap_19160733094441CSMS Magazine

Depi 1984, pèp ayisyen ap goumen san relach pou mete sou pye yon leta popilè. An 1986, yo arive dechouke Duvalier. Men poutan, pèp la pat pran lontan pou ke li te konpran ke Bebe Doc se te tèt yon koulèv mechan. Tèt koulev la te koupe, men rès koulèv te toujou la pi rèd. Jonen jodi-a, li fè 33 lane depi pèp ayisyen angaje na yon konba demokratik ki paka abouti.

A chak fwa pèp la panse li fin goumen, li pa pran lontan pou tout moun remake ke batay la fèk komanse. Nan konba difisil pou chanje la vi, pèp la bay vi li, li pran gaz lakrimojen anba bòt Minusta ak la polis tonton makout la. Pèp la jete gouvenman, men politisyen patripòch , “fripoulle” san santiman nan danse kole ak agranman, aferis nan Petionville ansan ak blan enperyalis toujou mare gwo konplo sou do li. Nan fo pwomès, parazit yo toujou vole viktwa-a. Ayiti vin tounen yon lanfè etènel sou direksyon Baron Samdi, Jovenel Moise, tchoul Donald Trump ak tout akolit li yo.

Nan moman istorik sa, li enpòtan pou ke pèp la mete soup pye pwòp òganizasyon pali, yon Fwon Polilè ki pral dirije batay la jiska la viktwa final. Sèt fwa si, lè pitit ki rele  “Libète” a akouche, pa pral gen dout sou ki moun ki mèt li.

Lè-a rive pou yo jije douvan yon tribunal popilè Jovenel Moise ansanm ak tout akolit li yo ki ap vole lajan leta, lajan Petro Karibe a. Pou yo jije yo pou pase dinyite tout yon nasyon anba pye.

Lè-a rive pou ayisyen pran destine yo nan men.

Lè-a rive pou yo jije aferis nan Petionville yo.

Lè-a rive pou ayiti libere.

Lè-a rive!

Aba Jovenel Moise!

Viv Ayiti!

Related Articles

Latest Articles