12.7 C
New York
Friday, April 19, 2024

Onè Respè…

flag d1aOnè respè pou drapo Ayisyen

Onè respè pou tout sitwayen Ayisyen

Yon drapo pa yon ranyon

Tanpri rale yon kreyon

Pou ekri yon bèl pawòl…

Yon drapo se yon senbòl

Ki kanpe pou kòl

Ak yon bèl pwotokòl

Ki pa dwòl.

Nou pa dwe neglije,

Nou dwe enterese…

Chak ane lè 18 me,

Pou nou fete ak respè e fyète

Paske se fèt drapo Ayisyen

Pou nou tout ki sitwayen.

 

Malisa Marcou

Miami, 17 mai 2015

Ou ka toujou “J’aime” nou sou Facebook: www.facebook.com/csmsmagazine

Related Articles

Latest Articles