Yon ti farinay lapliYon ti lapli fin fenKi pa menm mande parapliAp pase kon serenYon ti degout lapliKi pa panike chen
Tan mare
Â
Syèl la pa menm move
 Tan an demwazèlYon solèy demikacheDemi parèt ap kekachteYon solèyYon flanm solèy senkèDeside dim bonswaYon boul solèy koulè lòAp dirijem douvan pòt kè-wYon solèyPoi chofe lavimYon solèy koulè lòKap dim
Bonjou lespwa
 Bonjou lajwaPòt kè-w louvri pou mwenDebatan lajè linivèDebatan lajè linivè
Se yon ti seren lapli
 Li la pou li paseTankou tout seren lapliOu bliyeLè yo disparèt

