12.7 C
New York
Tuesday, April 16, 2024

Leve kanpe pou konbat vyolans sou Fanm!

Pa Frantz DELICEKorespondan CSMS Magazine an AyitiFè   fas kare pou konbat vyolans sou fanm, se leson sa moun  ka tire lè ou sòt wè  nan sinema Kapitol  fim yo rele nan lang franse ‘’ L’affaire Josey Aimes ‘’ , nan lang anglè ‘’ North Country ‘’.  Fim sa dire  dezè  dis minit . Se sa yo rele yon dram  paske pandan ou ap gade fim sa dlo ka soti nan je w  pou wè soufrans yon fanm . Istwa fim sa ap pase nan peyi meriken, nan zòn yo rele Minisota, men se nan pati  nò  a, kote ki gen anpil min kuiv. Fim sa reyalize pa yon fanm ki rele  Niki Caro. Se  aktris  Charlize Theron  ki jwe wòl Josey Aimes la. L’affaire Josey  Aimes pran oska ‘’meyè  aktris’’ ‘’meyè dezyèm wòl fanm’’.               ‘’ L’affaire Josey Aimes ‘’ pale de yon fanm ke mari l  ap bat . fanm sa yo rele Josey  Aimes .  Yon jou li revolte li kite kay mari li a , li al kay paran li . Kote la p chache travay poul ka eleve timoun yo. Youn nan bagay ki impotan ki merite pou nou  atire atansyon sou li , Josey Aimes te yon fanm ki pa te vle rete ak moun li te vle travay poul te ka manje , li te vle gran moun responsab tèt li, menm paran li li pate dako  pran swen li ak de timoun li yo . Se konsa fanm sa te al cheche travay  . Nan zòn  Minesota kote istwa sap pase ya se selman yon min kuiv ki ta p bay travay , se plis gason ki te konn al travay ladann .  Se konsa Josey  al chache travay   ,li te jwenn li malgre papal  pat dako poul ale travay nan min sa . Papa Josey tap travay tou ladann .              Rive li rive  nan min nan , li wè jan mesye yo ap matirize medam yo .Paske pou yo ,plas fanm sa yo pa la. Travay nan min se travay gason , se sa yo vle fè medam yo konprann. Yo ba yo tout kalite move lavi pou yo ka mache pòs yo . Yo rive jiska  chache gen rapòseksyèl  ak yo , yo ap fòse medam yo  ba yo kèk favè sexyèl .Josey Aimes li  menm li pa sou kite yo pase l anba pye , li ap pale ak medam yo pou yo reziste pou yo defann dwa yo . Se konsaa apre ke yon ansyen mennaj li eseye fè kadejak sou  li ,li al kote sipèvize li poul pote plent ,men misye pa okipel .Josey al pi lwen li pran yon jou konje li al kote patwòn an.Li menm tou li pa okipel ,li mande poul demisyone bal travay la.   Istwa dewoule jiskaske Josey al lajistis .Josey pran yon avoka ,yo rele Bill White ,men se Woody Harrelson ki jwe wòl  sa , mesye jwe lòt fim tankou ‘’Transporteur I &II ‘’   Antrepriz la pran yon avoka fanm .Avoka fam sa  chache tout fason poul fè Josey  pase pou yon move fanm , yon fanm ki pa bon .Josey reziste .  Jiskaske lòt medam vinn nan  batay la ak li   , yo rive ranpòte laviktwa   sou asèlman seksyèl , kadejak  ak lòt  latriye vyolans yo tap  sibi anba men mesye yo  ak antrepriz la.             Istwa fim sa makonnen ak pwòblèm anpil fanm nan peyi Dayiti ak sibi ,se zafè vyolans ki vinn sou tout fòm  . Li manifeste sou fòm kou yo ka resevwa , sou fòm   fòse yo pou yo fè  sèks , sou  pawòl piman bouk yo ka resevwa , sou f     om kadejak. Men sa ki grav la anpil nan fanm ki viktim  pa  pale , yo pè reprezay  .           Li  aswè , li ka setè , yon mesye kanpe bò  yon lari lap kale yon jèn fanm ,anplis lap dil pawòl piman bouk .  Tout mou nap pase  ,yo paf è anyen , lè ou mande yo pouki sa , yo reponn se madanm nèg la li gen dwa kale fi a sili fè move bagay sou li.  Sa ka pi fè mal , menm lapolis si yap pase pa kanpe pou di ola . Tout mou ap regle zafè  yo .  Se konsa sosyete a ranje , vyolans pa vle di anyen pou moun se nòmal .            Istwa Josey Aimes , pote reflechi , paske nan fim sa ,avan medam ki tap travay ak li yo revolte sa te pran anpil tan . Yo menm yo te kont li tou ,  yo te panse li tap fè yo pèdi manje yo .Yo te fèmen je yo sou vyolans yap sibi paske yo te vle fè kòb pou yo manje . Sistèm travay la te ranje yon jan , si ou pa ka fèmen bouch ou pou ankese ,se mache pos ou . Konsa Josey te deranje tout moun , ni fanm ,ni gason. Bagay la te pi dwòl ,menn nan sindika ki te la pou defann ouvriye yo  , pat okipe pwòblèm  vyolans sou fanm yo . Sa pòte nou reflechi sou aktivite sindika nan peyi Dayiti . Sa mande yon etid sou fason fanm yo trete nan sindika yo.          Yon ti gason ki toujou wè papal ap kale bèlmè li di yon jou : ‘’ lè m gran map achete yon  kap an fè poum kale madanm mwen ‘’ , li te ka gen nèf lane ,lè li te di sa . Li te konn wè move lavi bèlmè  li ap pase ,li te panse se nòmal .leson an te pase byen .           Lòt leson fim sa genyen ladan , pou vyolans la kaba fòk depi anndan kay la moun yo komanse reziste,.pran Konsyans de sa. Nan fim  nan, manman Josey te fenmen bouch li , li pa janm reaji devan tout sa papa Josey ap di de pitit fi li . Men yon jou manman sa revolte , li kite kay la tou li al viv nan yon ‘’ Motel’’. Li te bouke ,li te vle fè papa Josey pran Konsyans  sou soufrans pitit fil .Misye te pran Konsyans vre ,li te lague li nan batay ak Josey .            Si moun ki oprime yo pa mete tèt yo ansanm ,anyen pap rive chanje vre ; fim sa montre sa. Medam yo rive gen laviktwa sou antrepriz la paske nan fen fim nan yo deside mete tèt yo ansanm pou pote plent.             Fim sa montre tou nan  lajistis peyi meriken pot ko gen lwa pou fè fas ak vyolans sou fanm.  Nan peyi Dayiti  , fanm yo te rive gen laviktwa nan lane 2005 nan zafè atik ki nan kòd penal la ki tap maltrete yo  ,lè Minis Adeline magloire Chancy te nan ministè Kondisyon fanm ak Dwa Fanm   . Yo te rive fè chanje atik sa yo  nan yon dekre ki te soti 6 jiyè  2006. Atik sa yo se atik 278,279,280,281,282,283  nan kòd  penal la .  Batay la  komanse nan lajistis ,li dwe kontinye nan konsyantize fanm ki viktim yo pou yo pale , pou yo pote plent .            Fòk nou di tou lè ou ap gade fim sa ,ou santi ou nan peyi Dayiti , mantalite yo preske menn jan. Men yon fi te leve , li te deside mande pou yo respekte dwa li,sa te rive pote fwi nan lemond antye . ‘’L’affaire Josey Aimes ‘’  se yon fim ,pou moun wè, gason kou fi , li fwete konsyans ou . Li mete ou devan yon kesyon antan ke gason   ki jan ou trete medam yo ? Ki jan ou wè fi nan je ou ? Eske se yon choz ? Yon espès pou fè sèks selman oubyen eske se yon zanmi ?Yon konpagn pou fè wout ansanm poun chanje lavi nou ? Pou medam yo ,li mete yo devan kesyon sa  yo , ki sa yo vle ye ?ki sa yo vle fè  ak lavi yo ?Eske yo deside pou goumen pou dwa yo respekte ou byen wap rete ap gade ,kite moun (fanm kou gason)  matirize yo, eske yap deside pale ?  Lè a rive pou sa chanje nan peyi Dayiti  , fòk nou deside fè fas kare kont vyolans sou tout fòm  , Kont vyolans sou fanm , se sa fim ‘’L’affaire Josey Aimes ‘’ montre nou ! Fi kou gason  , ann Fè fas kare kont vyolans ! Nou ka fèlLi osi Chak fanm gen dwa pou manje … E aprè sa ki fèt pou sa ?Nòt : Frantz DELICE se ekriven ki ap viv  Pòtoprens.  Si ou vle ou kapab ekri-l nan adrès sa-a :frantzdelice@yahoo.fr

Related Articles

Latest Articles