6.6 C
New York
Friday, March 29, 2024

Chèz Boure

celestinaKleren lespwa fin debouche.

Lavalas mizè fin debalize.

Ak konvèjans plis divèjans te met pye.

Alèkile tèt kale di’l fenk koumanse klere.

Deblozay pou chèz boure

Men li fout, si’w pa kontan al nan mache.

Malfini bliye si se anlè pou’l vole

Kounyea se sou moun li vle pyafe.

Bale di dèyè  pòt li bouke sere

Se devan pòt li bèzwen layite.

Tèt kana monte tab gouvènè

Envite koumanse kraze kouvè.

Vaz pa anba kabann ankò.

Se sou kabannn li ye, sak fache pran lanmò.

Malproòp yo kite fouwo a san lave

Si’l pat sire vaz pa t’ap oze.

Deblozay pou chèz boure

Manzè Ayiti anvi dekole tout bon vre

Men kwè’m si’w vle li pa yon dekole.

Anba bouchon pay tout ti zafè’l regle.

Pyas anba chive  bay tèt grate

Ke menm dlo lanmè pa ka soulaje.

Chankalèt nan lang, bouch pa dou.

Men mikròb anvayi nou toupatou.

Gro cha ap roule sou tè zansèt nou te kite

Mèwi! Sa pa deranje’n bann san lonè.

Si yo ta anvi debalize’n san mande

Se lè sa na sonje gran lespri nou yo te egziste.

Nou pi mal ke yon ekip bouki

k’ap goumen pou yon flè dizè.

Epi se lè Malis fin pran’l, li kouri.

Se lè sa nou resi wè klè.

Vant tire, je fon, zopope deloke

Pwatjoko ap vale tèren malere.

Gran gozye ap bwè, pyafe nan manje

Menm po malere sa yo te plante rekolte.

Pouvwa fèt pou tèt ki konn panse

E an menm tan ak sajès ka deside.

Lachanm fèt pou saj ki konn analize

Pa pou tèt vid, fay kou féy papye.

Domino a gen mi toupatou

Nou tout te wè nou ret bèkèkè.

Konnya ba moun la pè.

Sak pou di’w yanm anmè pap resi bay dlo dou.

Nou deja chita nan yon gro trou labou

Tan pou’n goumen pou monte

Nou rete toutan se kraze brize.

Nou pa ka al pi ba, se jou l’ap jou.

Yèreswa mwen domi mwen reve

Yon konvèjans limyè ki file antre

Nan mitan yon lavalas moun tèt kale

Lè li reflete li bay yon siy “INITE”

Se yon moso tè separe

Ki bay yon peyi.

Men se nou tout AYISYEN tèt kole

K’ap ka bay AYITI.

Se moman pou konsyans pale.

Se moman pou sa ki bon jan kapab kanpe.

Ann kite kok ki chante pi fo a

Chita sou chèz boure baskou a.

 

Indi Ara Richard

4-5-2-15

Ou ka toujou “J’aime” nou sou Facebook: www.facebook.com/csmsmagazine

Related Articles

Latest Articles