Subscribe:Posts Comments

You Are Here: Home » Dossiers, Kreyol, News » Pati Kan Pèp la fikse pozisyon li kont MINUSTAH an Ayiti

It's only fair to share...Share on Facebook0Share on Google+0Tweet about this on Twitter0Share on LinkedIn0

CSMS Magazine resevwa yon teks ki soti de Marc-Arthur Fils-Aimé ki se sekretè jeneral Pati Kan Pèp la en Ayiti. Kan Pèp La se yon pati politik de goch ki ap goumen pou fè respekte dwa pèp Ayisyen an. Nan nouvo dokiman sila-a, Kan Pèp La kanpe djan kont tout prezans fòs etranje nan peyi d’Ayiti.

POZISYON PATI KAN PÈP LA SOU KESYON MINUSTAH

Pati KAN PÈP LA kontan konstate chalè mobilizasyon an ap monte kont MINUSTAH e kont okipasyon militè ak ekonomik peyi nou an ap sibi.  Pati KAN PÈP LA ankouraje tout òganizasyon, tout patriyòt, tout moun ki konsyan mete men nan batay pou libere peyi a, epi travay pou tout militè etranje yo retounen kote yo te soti pou kite peyi nou an touswit.

Pati KAN PÈP LA raple nou batay n ap mennen jodia a pou MINUSTAH ale dwe makonnen ak yon travay manch long pou nou kapab rekipere dwa gran moun peyi nou.  Pou se nou menm Ayisyen/Ayisyèn ki kontwole bak nasyon an tout bon, nan enterè kouch travayè yo ak tout kouch eksplwate yo. Sitiyasyon okipasyon n ap viv jodia plonje rasin li byen lwen depi lè an 1915 lame meriken te deside pase diyite nou anba pye nan eseye anile batay pou endepandans, libète ak egalite n ap mennen san pran  souf depi finisman 18yèm syèk la. Depi 1915 nou anba okipasyon ak prezans militè etranje osnon sou lòt fòm.

Nan sans sa a batay kont okipasyon an dwe chache demaske tout lòt fòm ak mwayen dominasyon ki mete peyi nou an anba bòt meriken ak lòt enperyalis yo. Batay kont MINUSTAH ak pou reprann souvrènte nasyonal la, vle di tou, batay kont CIRH ki fè 19 mwa ap pase peyi a nan betiz, ap gagote kòb ki bay pou viktim tranbleman tè 12 janvye a e ki jodia gen odas ap chache renouvèlman nan men Palman ayisyen an. Nou wè kijan CIRH ap defini estrateji nan plas enstitisyon ayisyèn yo. Nou wè kijan ansyen prezidan Bill Clinton ki rekonèt piblikman jan li te ede kraze agrikilti peyi nou an, kounye a okipe 3 gwo pòs nan peyi a, reyisi foure yon premye minis nan gagann nou pou kontinye aplike menm politik kap agrave depandans lan e k ap detwi peyi nou an.

Batay pou reprann dwa gran moun peyi a vle di tou anile yon seri akò ekonomik (tankou sa FMI, BM, ak Akò barye lib yo) ki mete peyi a toutouni epi fè nou ap fè bak ak gwo vitès.

Pati KAN PÈP LA gen anpil kè sote lè nou tande pwojè lame Prezidan Martelly a ki sanble tèt koupe ak yon lame okipasyon menm jan Lame Dayiti te tounen yon popetwèl nan men meriken yo lè yo te fin kite peyi an 1934. Merin meriken te kite lame ak tout Konseye finanye, pou kontwole Ayiti nan sans enterè pa yo, epi, pou kontinye travay okipasyon an. Nou pap aksepte retou okenn lame kraze zo ki ap itllize zam yo pou defann enterè boujwa, enterè grannèg ak grandon, enterè enperyalis yo, e, kontinye touye pitit Pèp la. Nou wè kijan pwojè Martelly pou l retounnen ak FADH la ap diskite nan anpil ajans ak anbasad etranje san Ayisyen poko janm diskite li, san Palman pa menm wè pwojè a. Nou wè aklè, sa a se pa fouti lame Pèp Ayisyen an bezwen pou defann enterè li ak enterè nanchon an.

Pati KAN PÈP LA pataje kolè ak endiyasyon popilasyon an lè n ap mande MINUSTAH pou li bay tè Desalin nan blanch san delè. Nou pa kapab aksepte pou yo kontinye ap pase diyite Pèp ayisyen anba pye, nou paka aksepte pou yo kontinye ap sal figi peyi nou an. MINUSTAH dwe ale touswit :

  • Paske se yon fòs lame okipasyon ki vyole Konstitisyon 1987 la ak Lwa peyi nou.
  • Paske li vyole konvansyon entènasyonal yo ak Konstitisyon Nasyonzini.
  • Paske nou pa kab aksepte pou yo di Ayiti reprezante yon danje pou tout peyi nan kontinan an.
  • Paske l ap jwe yon wòl enpòtan nan pwojè miltarizasyon enperyalis meriken ap deplòtonnen nan rejyon Karayib la pou eseye kaponnen tout Pèp ki vle sòti anba bòt dominasyon enperyalis la. Li se yon souflèt pou diyite tout Pèp e li se yon menas pou endepandans ak otodetèminasyon tout Peyi nan rejyon an.
  • Paske Ayiti pa nan lagè ak lòt peyi, pa gen gè sivil, pa gen jenosid, pa gen krim kont limanite.
  • Paske tout objektif rezolisyon Konsèy sekirite òganizasyon nasyonzini te pretanndi ki se objektif fòs sa, tout echwe, depi rezolisyon 1542 (jen 2004) rive nan rezolisyon 1944 (oktòb 2010).
  • Prezans MINUSTAH ap agrave kriz peyi a. MINUSTAH se yon fòs destabilizasyon ak ensekirite.
  • Li pa retabli klima sekirite ak estabilite.
  • Li pa diminye kantite kokayin kap pase sou teritwa a pou ale Ozetazini.
  • Li pa fè nou fè pwogrè nan eleksyon demokratik. Dènye ekzèsis elektoral yo pran depi an 2009, 2010 ak 2011 se yo ki te pi mal, e depi 1990 se enperyalis yo ki te kontwole tout rezilta eleksyon sa yo.
  • MINUSTAH pa fè nou fè okenn pwogrè nan respè ak pwomosyon dwa moun.  MINUSTAH se yon enstriman kap vyole dwa popilasyon an tout tan: Nan fèmen bouch yo lè y ap maltrete travayè migran sou fwontyè a; Nan okipe lokal Inivèsite ak Lise pou anpeche jèn yo kontinye edikasyon yo; Nan depatcha patrimwàn peyi a. Nan fè kadejak sou fanm, timoun, jèn fi ak jèn gason. Nan òganize ak ankouraje tout fòm eksplwatasyon seksyèl. Nou sonje dosye kadejak ak abi seksyèl ki te fè bri nan peyi a, tankou Gonayiv-2005/ dosye plis pase 100 sòlda ak ofisye Sri Lankais-2008 / Pòsali-2011; Nan fè gwo represyon ak kraze manifestasyon tankou an avril 2008 ak pandan tout mobilizasyon pou mande ogmantasyon salè minmòm la nan ane 2009 la. Nan fè emisyon radyo ilegal. Nan pwoteje patwon kap kraze dwa travayè tankou nan Teleco, nan CODEVI ak nan plizyè lòt antrepriz.
  • MINUSTAH ap gaspiye ant 700 al pou 850 milyon dola vèt chak ane nan yon peyi kote majorite popilasyon ap kwoupi nan lamizè e kote gen plis pase 600.000 moun kap viv anba tant.
  • Kesyon kolera a se yon sitiyasyon ki montre aklè wòl destriksyon MINUSTAH ap jwe nan peyi a. Yo pote yon madoulè bay pèp la yo rele KOLERA, selon chif ofisyèl yo maladi a deja fè plis pase 400.000 moun pase lopital pandan li deja touye plis pase 6 400 Ayisyen/Ayisyèn. Tout syantifik ki etidye kesyon an rekonèt se Twoup MINUSTAH yo ki pote maladi a nan peyi a.

Pou tout rezon sa yo PATI KAN PÈP LA:

  • Salye rezolisyon Senatè yo pran pou mande pou sòlda etranje yo kite peyi a anvan 15 oktòb 2012.
  • Salye tout gwo mobilizasyon k ap fèt kont MINUSTAH epi mande tout moun patisipe, kore, pote kole ladan yo.
  • Denonse tout moun ak tout sektè ki tabli konplisite ak fòs okipasyon sa yo.
  • Mande pou MINUSTAH ansanm ak CIRH la, bay tè d Ayiti Blanch.
  • Kondane desizyon Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyonzini an ki renouvle manda MINUSTAH pou 12 mwa, jou ki te 14 oktòb 2011 la. Desizyon sa a montre aklè ki enterè Nasyonzini ap defann.
  • Nou pap aksepte okenn solisyon kote y ap vle fè kwè, yo chanje manda MINUSTA pou mande fòs sa fè ”devlopman”. Menm jan, li pat ka rezoud pwoblèm sekirite, li pap kapab nonplis ede nan kesyon devlopman.
  • Fòk MINISTAH ak CIRH antere definitivman nan peyi a. Se va yon pa enpòtan nan libere peyi nou an e nan koumanse reprann dwa granmoun nou. Nan sans sa a, Pati KAN PÈP LA mande Palmantè ayisyen yo pou yo pa renouvle manda CIRH la ki se yon eskandal

Pati KAN PÈP LA mande pou pèp ayisyen pa tonbe nan pyèj konstwi yon nouvo lame kraze zo kap kontinye travay fòs okipasyon yo.

Pati KAN PÈP LA egzije pou:

  • MINUSTAH rekònèt reskonsabilite kriminèl li genyen nan kesyon kolera a e fòk li mande Pèp ayisyen an padon.
  • Dedomaje tout fanmi ki pèdi yon moun nan kolera. Se yon seri viktim MINUSTAH ansasinen.
  • Nasyonzini dedomaje peyi a ki pèdi anpil lajan akòz epidemi kolera a.
  • Leta ayisyen mande popilasyon an padon pou neglijans kriminèl ak kase fèy kouvri sa li fè pou MINUSTAH nan dosye kolera.
  • Leta ayisyen travay prese prese pou pèmèt popilasyon ayisyèn lan jwenn bon jan dlo pou li bwè e jwenn tout sèvis asenisman ki nesesè pou pwoteje sante tout moun.

Pati KAN PÈP LA mande popilasyon an, tout òganizasyon pwogresis ak popilè, ouvriye, travayè, peyizan, fanm, etidyan, jèn, mouvman sosyal la anjeneral, rete mobilize pou kontinye goumen kont MINUSTAH, kont tout fòm okipasyon ak kolonizasyon degize; pou nou konstri yon peyi Dayiti souvrèn, granmoun tèt li.

Pòtoprens, 24 oktòb 2011

Pou Pati KAN PÈP LA,

____________________

Marc-Arthur FILS-AIMÉ

Sekretè Jeneral,

 

It's only fair to share...Share on Facebook0Share on Google+0Tweet about this on Twitter0Share on LinkedIn0

Tags

© 2011 CSMS Magazine · Subscribe:PostsComments · Designed by Theme Junkie · Powered by WordPress

© 2011-2017 CSMS Magazine All Rights Reserved -- Copyright notice by Blog Copyright