Subscribe:Posts Comments

You Are Here: Home » Kreyol » GOCH AYISYEN AN ECHWE! (Premye Pati)

Pa Abel Simon    

Espesyal pou CSMS Magazine

N’ap pibliye konkenn chenn dokiman sila ke kanmarad Abel Simon voye ban nou. Se yon dokiman ki fè yon rapel istorik ansanm ak yon analiz aprofondi sou la goch ayisyen an nan dènye 20 lane ki sot pase yo. Kanmarad Abel fini analiz la pandan l’ap  pwofite bay yon yon altènativ sou kijan yon la goch kapab repran wòl istorik li kòm avangad mas popilè yo e lit demokratik yo an jeneral. Kont teni de longè dokiman sila, n’ap pibliye li an 2 pati. Jodi a, n’ap pibliye premye pati a ke se yon rapel sou 20 dènye lane yo.   

Kouman nou menm eleman nan goch la fè rive kote nou ye la a apre 1986 ak 1990 pou rive jounen jodi a?

     Pou nou menm kamarad ki t ap viv deyò yo, nou kapab di trè klè analiz nou te konn fè nan epòk la pa t koresponn ak reyalite sosyo-politiko-ekonomik peyi a tout bon vre pou 2 rezon majè: 

1- Nou te  konn gade  reyalite a nan yon pèspektiv  anti makout ak anti divalyeris san vrèman konprann  kondisyon sosyal ak ekonomik  moun yo anndan peyi a.

2- Kamarad ki te reprezante diferan tandans politik sou teren  an te fè plizyè erè pa yo  tou, sitou nan mòd fonksyonman  yo ki se te rete tann mo dòd ki t ap soti deyò.

 Lè evenman 1986 yo ki te chavire pouvwa Jean-Claude Duvalier a te rive, kanmarad ki te nan peyi a pa t rive genyen kontwòl efektif mouvman mas yo, ni fè yon jestyon rasyonèl de bann ak pakèt lòt militan ki te soti nan peyi diferan kontinan kote yo te viv an ekzil, sou rejim Francois ak Jean-Claude Duvalier, aprè ke yo te kite Ayiti. Anpil ladan yo se te kad entelektyèl ak politik ki te rantre nan peyi a avèk anpil emosyon aprè ke yo te pase lontan nan kanpe lwen ; pandan ke divizyon tach yo sou teren an te trè mal fèt.

    An nou gade kounye a rezilta travay tandans sila yo ki te sou teren an ak lòt yo ki te rive sou pouvwa a atravè eleksyon Aristide oubyen Preval.

Eleksyon

Istwa patisipasyon goch la nan eleksyon, patikilyèman nan ane 1940, 1950 yo ak 1987, sètadi eleksyon Lescot, Estime, Magloire, Francois Duvalier ak eleksyon kote Lame Dayiti te masakre yon bann moun ki te kanpe nan liy pou yo tal vote  nan Riyèl Vaillant.

    Jodi a, nou vle rete sou peryòd 1990 la, kote yon sèten goch rantre nan yon pratik mache deyè sektè popilis la, anpil ladan yo menm rive bliye pwòp ajennda politik yo pou tonbe nan voye Aristide monte. Se menm sektè sa a ki ba nou Aristide ak Preval.

     Nou di yon sèten goch, paske se pa tout goch la ki te patisipe nan 2 gouvènman popilis sa yo, menm lè nou te jwenn anpil ansyen kamarad  ki te sòti nan diferan tip òganizasyon sa yo ki te okipe plizyè pòs enpotan nan

gouvènman sa yo. Sa ki trè enteresan, sè ke Aristide ak Preval se 2 prezidan ki pase nan eleksyon ak tout lejitimite yo, kote mas yo vote masivman nan yon sèl direksyon pou yon kandida de on sèten goch, pandan ke nou konstate ke tout dwat la mete ansanm pa rive montre l konpetitif.

    Si nou vle mezire ansanm evenman sa yo kantitativman, men sa rezilta yo bay kontrèman a sa dwat la t ap espere:

    Eleksyon 16 desanm 1990, Aristide pwemye manda ak koralisyon FNCD pase a 64%;

    Premye manda Preval, an 1995, Bò tab la 54 %, soti ak yon majorite relativ depite, senatè, majistra ak kazèk;

    Dezyèm manda Aristide, an 2000, Fanmi Lavalas rive kontwole avèk yon majorite absoli ni Chanm Depite a, ni Sena a, Meri yo ak Kazèk yo?

    Dezyèm manda Preval, an 2006, Lespwa genyen elelsyon an a 53% avèk yon majorite relativ nan Sena a, Chanm Depite a ak Meri yo.

  Yon lòt bagay ke nou konstate, denpi nou rantre nan eleksyon jeneral nan peyi a sitou nan sa ki konsène eleksyon prezidan, de manyè regilye nou reyalize ke nouvo prezidan yo denpi nan kanpay elektoral yo rive kontamine pwosesis la avèk gwo pwomès tri bò e babò ak alyans san prensip avèk diferan sektè nan klas politik la.Nou wè sa avèk Aristidek ni  Preval.

    Premyèman, yon bann chèf pati politik poze kadidati yo epi pi fò ladan yo pa fè pwa nan balans elektoral la, donk 2 ou 3 mwa avan eleksyon pwezidansyèl la yo fòme yon kowalisyon ki pote non  pwogresis e yo tonbe chache kandida pou depite, senatè, majistra, kazèk ak azèk. Bi a, se fè yon kowalisyon ak alyans pou pran pouvwa a san yon platfòm ak akò politik klè ki teni kont de pwen anba yo:

1)      Devlopman ekonomik;

2)      Sekirite ak Jistis Sosyal;

3)      Refòm Sistèm Jidisyè;

4)      Refòm Fiskal;

5)      Devlopman Imen;

6)      Refòm nan Edikasyon ak Sistèm Inivèsite a;

7)      Distribisyon Swen Sante Pou Tout Moun ;

8)      Kreyasyon Lojman Sosyo ;

9)      Devlopman Enfrastrikti Routyè, Enèjetik, Telekominikasyon ak Ibanizasyon ;

10)  Pwoteksyon Anviwonman ak Amenajman  Teritwa a ;

11)  Devlopman Endistri Nasyonal ;

12)  Ankourajman Envestisman Ayisyen Anndan ni nan Dyaspora a ak   Envestisman Etranje;

13)  Ankourajman pou Konpatriyòt k ap viv Deyò pou yo Tounen nan Peyi a;

14)  Devlopman Agrikòl;

15)  Refòm Agrè ;

16)  Kredi ak Ankadreman Teknik pou Peyizan ;

17)  Defans Teritwa a ak Pwoteksyon Souverènte Nasyonal ;

18)  Defini Nouvo Rapò avèk tout Peyi nan Kominote Entènasyonal la selon Enterè Nasyonal yo.

       Li pa sifi pou kritike boujwa patri pòch, reyaksyonè a ki se alye

       enperyalis yo, paske reyalite politik peyi a montre nou yon lòt bagay.

 Toujou genyen yon ti gwoup boujwa ki  toujou dakò pou bay lajan pou fè kanpay elektoral a la dènye minit, se sa ki eksplike ke kelkeswa akizasyon sektè politik la fè kont boujwazi a, li toujou soti gayan depi nan komansman manda nouvo prezidan yo  pou jiska la fen.

Kijan sa manifeste?

  1- Pandan 2 fwa ke sèten sektè nan kan pwogresis la te apiye yon kandida a la prezidans, sètadi ni nan ka Aristide, ni nan ka Preval, menm lè Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pa te ko pibliye ofisyèlman rezilta eleksyon yo, tout boujwa te gentan pozisyone yo e evantyèl prezidan eli a te antann yo avèk yo pou  mete yo manb komisyon tranzisyon ak komisyon ekonomik prezidan eli yo. Yo monopolize tout aktivite enpòtan prezidan an, e si w pa alye yo, yo pa p envite w nan anyen. Se yo menm ki toujou akonpaye prezidan an nan tout vwayaj li nan peye etranje pou asire yo ke enterè de klas yo pase avan tout bagay. Dosye Etats-Unis, CANADA ak la FRANCE se pi gwo priyorite yo.

     2- Tout militan de baz  ak atis popilè ki te jwe yon wòl enpòtan nan mete kanpay elektoral la sou pye, yo baskile yo ak tout revandikasyon popilè yo a plis de 80% apre ke prezidan an  fini prete sèman.

    Faz sa a, se faz kote akizasyon sou akizasyon ap fèt adwat agoch, anpil fwa, se de akizasyon ki pa genyen okenn fondman. Apeprè 5% ladan militan sa yo ki pi mèt dam konn gentan jwenn yon ti djòb pou degaje yo nan yon ministè, meri, Teleco, Ed’H, ONA oubyen kèk lòt enstitisyon nan leta a. 

    Depite yo ak Senatè yo bò pa yo tonbe goumen pou kontwole machin lyezon an ant palè nasyonal, primati, ak ministè enpòtan yo. Nan palman pa ka genyen koròm, se demobilizasyon total ak gagòt. Kriz politik  yo vin miltipliye, dosye edikasyon, ensfrastrikti, sante ak kreyasyon travay pa ka vanse.

    Se pwazon sa a  k ap ronje nou menm militan pwogresis, lè nou fin

ankouraje mas yo al vote pou chanjman, se sa a yo jwenn nan men prezidan ak palmantè yo. Nou dwe konsyan de responsablite ke nou te pran pou nou te mobilize pèp la nan malatchong sa a yo, donk  fòk nou angaje nou nan batay pou nou ka sòti nan mòd pratik koken sa yo. Se tach  nou, nou menm pwogresis ak entèlektyèl  pou korije erè ke nou fè mas yo komèt, men se wòl pati politik yo ki chwazi pou yo kondi pèp la nan lit li, pou yo pran yon pozisyon klè sou rapò yo avèk sektè prive a.

     Kalite vye pratik opòtinis avan yo, nou menm ki chwazi milite  nan peyi a, nou dwe divose  avèk yo. Nou pa p janm ka rive a  yon chanjman reyèl si rapò nou ak mas yo pa chita sou bon jan konfyans  avèk ankadreman tout bon nou dwe ba yo nan lit yo kont pwofitè tout plim tout plimaj yo.

    Li klè ke chak viktwa mas yo pote genyen yon defèt ki mache deyèl pye pou pye. Se leson sa a nou dwe aprann jodi a. Pèp la pran pouvwa bay Rene Preval 7fevriye 2006, li menm li pran l li remèt li bay boujwazi a (pa t genyen pi bèl ekzanp de demonstrasyon de fòs popilè pase sa).  Men se pi gwo desepsyon mas yo pran tou nan batay yo pou chanje la vi nan peyi a.

   Malgre ke Preval rive kontwole  sèn politik la, li genyen yon majorite relativ nan chanm depite a ak nan Sena a, anpil nan pòs majistra ak kazèk yo, li pa rive regle anyen depi plis ke 2 an li sou pouvwa a.  Nan 2 okayon se menm erè yo ki repete. Omwen nan premye manda a te genyen yon minimòm vizyon: li te wè nesesite pou kòmanse yon refòm agrè ki pat rive twò lwen.

      Nou menm pwogresis, nou dwe sispann  mache deyè politisyen ki pa  genyen konviksyon, k ap mache fè fo pwomès, epi lè yo rive sou pouvwa a ki tonbe plenyen tankou yo pa t genyen yon reskonsabilite pou chanje lavi ak kondisyon moun nan peyi a. Nou dwe divose ak pratik kouri ale apiye yon kandida 2 ou 3 mwa avan eleksyon menm si li pa genyen pwogram. Pratik sa a mete pèp la ak peyi a nan plis pwoblèm.

Ki politik k ap mennen nan peyi a?

Politik Rene Preval la, se yon politik tandans anachis naje pou soti ki koresponn avèk politik dezòd, eksplwatasyon neyo-liberal FMI, Bank Mondyal ak BID la. Pa genyen yon pwogram politik kòm bousòl  ki klè e  ki vize rezoud pwoblèm sosyo-politiko-ekonomik peyi a.

     Avan nou chita sou ki sa nou pa dakò avèk Preval, nou ta renmen montre kèk pwen nou estime ki pozitif lakay misye jiska prezan:

         - Preval pa yon asasen k ap òganize nèg ak kagoul nan nwit pou vin pran w lakay ou

        -Jiska prezan pa genyen  oken prèv ke li piye kès leta a

        -Li montre li konsène nan mizè pèp la, menm si li pa fè anyen

        - Li montre anpil enterè pou ta konbat koripsyon nan leta a.

         Donk, lè n’ap eseye konprann pèsonaj yo rele Rene Preval la, nou jwenn kèk eleman ki enpòtan lakay li, men  kalite sa a yo pa sifi pou yon chef deta. Yon chèf deta, dabò se yon lidè ki genyen vizyon ak kapasite

pou dirije peyi li nan meyè enterè nasyonal yo ak enterè pèp ki eli l sou pouvwa a. Se yon moun ki genyen kouraj pou tranche  nan moman difisil pandan l ap fonksyone nan limit Konstitisyon an ba li.

         Dezyèm vèsyon Preval/Alexis a, Me 2006 – 12 Avril 2008, montre 2 eleman enpòtan menm lè chaje kontradiksyon ladan yo. Nou estime ke gouvènman an reyalize de bagay ki enpotan pou peyi a, men akoz pa genyen yon estrateji klè, ebyen leta a pa ka tire oken benefis pou tèt li, ni kreye momentum pou retabli kredibilite l. Pa ekzanp,  akò  Petro-Caribe Ayiti ak Venezuela pa genyen enpak pozitif sou sitiyasyon pép la, lavi chè ak  transpò piblik, etc.

        Malgre ke rapò Ministè Finans montre ke ansanm bwat leta yo ramase plis kòb pandan 2 ane fiskal yo, leta a pa rive reenvesti nan kreyasyon travay, sante, lojman, edikasyon ak agrikilti. Nan kad akò bilateral, leta ayisyen te dwe genyen lajan disponib pou fè rout ak pon, menm la a se nad marinad.

        Pouki sa konpayi ki te resevwa kòb pou fè rout Gonaives la, e ki pa fè travay la, leta pa trennen l devan lajistis?

        Jiska prezan, Koperasyon Ayiti- Kiba a rete youn nan pi bon yo, men absans vizyon ak leadership President Preval mete li ak  peyi a chita sou ti chèz ba devan kominote entènasyonal la. Fòk nou di tou ke nou konstate jodi a ke lajan ki te ekziste nan kès leta a pa la ankò, ni kominote entenasyonal la pa reponn an ijans devan 4 siklòn dezas ki sòt baleye peyi a. Kriz finansye k ap frape gwo peyi kapitalis yo jodi a vin konplike sitiyasyon an pi plis.

Ki politik etranjè Preval genyen pou fè fas a gwo chanjman k ap fèt nan lemond jounen jodi a?         

N ap rete tann politik etranjè Preval la, paske si nou gade ansanm entevansyon Prezidan an fè pandan siklòn nan, plis nan Nasyon Zini ak visit li nan  kòmansman mwa oktòb la nan Miami, nou konstate ke Prezidan an genyen kèk ide sou yon plan imanitè pou peyi-a ak kòman li ta swete wè kominote entènasyonal la transfòme misyon l nan an Ayiti an yon misyon k ap ede nan rekonstriksyon peyi a, men pa gen yon nouvo apwòch nan politik etranjè Preval la ki ka ba li abilite tout bon vre pou abòde kominote entenasyonal la yon  lòt jan, ni renegwosye akò ekonomik  yo nan meyè enterè peyi a ak popilasyon an. Se menm ansyen apwòch neyo-liberal yo ki echwe nan kontèks entènasyonal la ka p kontinye; gouvènman Preval / Michelle Pierre- Louis a pa ajou ni li pa genyen yon plan akou tèm ki klè pou rezoud pwoblèm ke peyi a ap konfwonte.

     Genyen 2 lòt pwoplèm majè ke gouvènman Preval /PIRRE Louis a ap genyen pou li afwonte nan 2 ane li rete pou li fè sou pouvwa: Kriz ekonomik mondyal la ak entegrasyon posib Brezil, La Chine ak Inde nan G8 la. Brezil ak La Chine se 2 peyi ki pral rantre nan tire fisèl a klè an Ayiti. Donk, li merite pou gouvènman an defini yon politik san ekivòk pa rapò a chak peyi emèjan sa a yo.

Ratman Chans Istorik

Pou nou ka vanse pi byen, nou ta renmen fè kèk konsiderasyon istorik.

Apre echèk lit ame  militan Parti Unifie Communistes Haitiens (PUCH) yo te fè an Ayiti an 1969, kote anpil militan revolisyonè te mouri  zam a la men, te genyen bonkou kritik ki te fèt anndan peyi a tankou nan dyaspora a.

    Nan komansman ane 70 yo, yon gwoup entèlektyel ak etidyan ayisyen militan de goch ki t ap viv an ekzil an Eròp te lanse yon mouvman revolisyonè yo te rele Aksyon Patriyotik. Plizyè nan yo te deside emigre nan Kanada ak Etazini, apre tout analiz ke yo te fè nan moman an, pou yo te wè kijan goch ayisyen an te ka demare yon jèfò sou kesyon inite nan kan goch  revolisyonè a. Tantativ sa a pa t mache, e rezilta a: anpil kamarad ki te konn chita ansanm rive pa ka antann yo ankò e deside fè rout pou kont yo ak ti oganizasyon pa yo. Se menm modèl sa a ki te rebondi  sou teritwa nasyonal la avèk enplantasyon yon bann ti oganizsasyon de goch otonòn nan tout peyi a.

    Nou dwe fè remake tou ke nan peryòd sa a, te genyen 2 gwo tandans politik ki te domine mouvman goch entènasyonal la e ki te enfliyanse tou militan ayisyen yo nan konfli yo. Se te Inyon Sovyetik  ke  militan PUCH yo te anbrase ; ak  La Chine ke, militan PTA, nèg konbit ayisyen, tandans Maoïs yo te chwazi.

    Sitiyasyon an pa te twò diferan nan peyi Amerik Latin ak Karayib yo, men jodi a, yo rive depase obstak sa yo pou yo rantre nan yon batay pi reyalis ki se mete kowalisyon sou pye a pati de plafòm ki makonen avèk revandikasyon popilè yo  pou yo pran pouvwa a pou konstri  lòt kalite leta, atake kesyon sante, jistis sosyal, edikasyon, sekirite sosyal ak alimantè ak kreyasyon travay pou klas ouvriyè yo.

       Apre tout konsiderasyon sa yo, nou dwe rekonèt tou ke se rezilta travay diferan tandans sa  yo  ki te sou teren an ak lòt gwoup pwogresis ki te voye Divalye ale an 1986. Rene Preval se te yon militan ki te soti nan kouran Aksyon Patriyotik la, pi devan ki te anbake nan mouvman popolis Lavalas Aristide la an 1990. Diferan militan pwogresis ki te soti nan mouvman Aksyon Patriyotik la te reyini deyè J B Aristide pou sipote kandidati l kòm Prezidan. Byenke Preval te vin  premye minis, pa te janm genyen yon platfòm politik  klè pou òganize mas yo ak yon pwogram gouvènmantal pou chanje leta a ak  amelyore kondisyon moun anndan peyi a. Sou plan pratik, goch la rete sou devlope, an Ayiti, menm lè de moun  ki sou pouvwa yo  genyen  repitasyon pwogresis, yo pa rive jere leta a avèk efikasite e konpetans. Donk, sektè goch la rete trè divize e li pa genyen yon pwojè komen a kou, mwayen e lon tèm pou peyi a.

Ki sa nou dwe fè pou chanje sitiyasyon an?

Sektè pwogresis la dwe chèche yon konsansis laj pou l ka devlope yon pwojè nasyonal komen, yon pwojè ki fèt nan yon espri konstriktif sou yon baz akò politik, sosyal ak ekonomik byen klè pou nou ka jwenn yon rezilta kalitativman diferan.

    Premye kesyon nou dwe poze tèt nou antan ke militan de goch, ki sa nou reprezante jodi a?

    Nou se militan ki genyen eksperyans politik sou teren an ak dòt ki kontinye ap milite nan dyaspora a k ap reflechi pou jwenn yon solisyon politik ak ekonomik pou demare peyi a, paske nou dakò ke politik neyo-liberal gouvenman Preval/Pierre-Louis ap aplike a pap mache menm jan li pa te mache sou gouvènman presedan yo. Nou kwè ke li absoliman nesesè pou nou travay pou mete fen nan grangou, chomaj ak mizè anndan peyi sa a. 

    Tout ansyen militan ki pa janm trayi, entèlektyèl, etidyan, travayè, peyizan, òganizasyon fanm, òganizasyon popilè, òganizasyon pwofesyonèl ki kwè tout bon nan chanjman, annou travay ak lite pou mete mouvman pwogresis la kanpe.

    Nou menm ki fè pati de nouvèl tandans goch la jodi a, genyen  (3) bagay ki enterese nou  ke nou dwe rive konpwann.

            1-Ki liyn politik nou dwe genyen kòm gid

   2-Ki sa revandikasyon ak bezwen pèp la ye

  3-Kòman nou ka edike elektora ayisyen an

     Pandan ke n ap chache konprann ki sa nou reprezante a, n ap pwofite gade tou ki tip de  solisyon  nou kapab pwopoze pou sòti peyi a nan dilèm sa a nou ye a.

     Nou bezwen yon goch ki pi dinamik, ki genyen espri kreyatè e ki dispoze enplante l anndan mas yo, pou òganize yo pou yo ka rive pran  pouvwa a nan bon kondisyon.

     Estrikti politik ki pi vyab jodi a, se kreye yon blòk popilè ki laj ansanm ak lòt sektè nan vi nasyonal la  pou prepare yon pwogram politik e kreye deba ak refleksyon sou pwoblèm reyèl peyi a depi konnye a, pou nou ka sòti nan zafè chapo legal la e jwenn kont kad konpetan pou patisipe nan eleksyon yo a tout nivo.
Osi kade lot atik an kreyol

Leve kanpe pou konbat vyolans sou Fanm!

Tags

© 2008 CSMS Magazine · Subscribe:PostsComments · Designed by Theme Junkie · Powered by WordPress

© 2011-2020 CSMS Magazine All Rights Reserved -- Copyright notice by Blog Copyright