San, swe, dlo nan je! Yon pwosesis demounizasyon, yon rejim esklavaj, yon sistèm eksplwatasyon gason pa kante, moun manje moun, te tabli an Ayiti (Kiskeya ou Boyo) ki pote non Ispanyola depi Kristòf Kolon debake. Tout abitid, mès, koutim ak tout kilti Arawak ak Karayib la entèdi, majinalize, voye jete, mete sou kote, detwi: Sa a se Kolonizasyon! E, tout moun ki opoze ak fòs kouraj yo, ekspoze ak santans ki pi bosal la. Sa yo pran se pa yo: fiziyad, nwaye anba dlo, pandezon, depòtasyon, ekstèminasyon, kloure sou kwa… Anvayisè yo enpoze fason yo wè: «Mwen te fè yon akò avèk ou, tout bagay sou kont ou ansanm ak depans yo, men tout benefis se pou mwen, m ap obsève akò a toutotan m vle epi ou menm w ap obsève li toutotan m vle». De l’Esclavage! (JJ Rousseau, Contrat Social, 1762).
Ispanyola/Sendomeng: yon etalaj lanfè
Anvayisè yo pral fè Ayiti tounen yon etalaj lanfè. Sou divizyon separasyon panyòl «Repartimiento» yo ki debouche sou ekstèminasyon Endyen yo an Ayiti rive jouk lannwit 14 out 1791 nan Bwa Kayiman, yo itilize fòs ak pouvwa pou konsolide enstriman dominasyon yo: Kòd Nwa, Pakt Kolonyal, chen ki drese pou chase mawon yo… mannèt toutbon pou akilime fòtin gran mèsi ekplwatasyon moun. Alòs, lakrentif ak tribilasyon lanfè a enstale nan Sendomeng pou moun ki anba yo, oprime yo ki jounen jodi a, pifò desandan yo se ayisyen.
Reyalite sa a te ka yon tèm ki pase mòd nan listwa an jeneral, si nan ka espesifik Ayiti a, tout ras pa t enplike nan tablo sa a. Endyen, blan afè pa bon yo rele 36 mwa oswa angaje, moun nwa ki soti toupatou, nan tout kwen an Afrik, e menm kèk Arab brakonye vann, tout te melanje. An bon bakonyè, kè lanfè bouwo ak kòmandè yo fòse yo met tèt ansanm; ipokrizi nan kilti ak divès lang ki pale tounen yon bon estrateji ki adopte pou bloke nenpòt tantativ ki ta mete sou pye pou jèmen yon konsyans kolektif.
Mèzalò, puisans kolonyal ak esklavajis yo tankou Angletè, Espay, Lafrans (jounen jodi a, yo alye ak Kanada epi Etazini pou fòme gwoup CORE GROUP an Ayiti a) koupab, nan Ispanyola ak Sendomeng, akoz krim ki pi brital ki fèt kont limanite. Atravè yon modèl yo itilize pou dappiyanp, renouvle, epi trete betay esklav yo – etranjman, sa plis pòtre kidnaping — transpò nan bato negriye sanble ak Twou Dyab, egzibisyon yo pou achte ak vann nan Kwabosal, move kondisyon bestyal lojman, manje, abi kòporèl bosal anpil, travay fòse… Pandan prèske 300 lane, puisans sa yo te ratibwaze ra pye tè tout yon ras moun, fanm ak timoun sou teritwa a, yo te redui lòt nan yon eta ‘bèt chay’. Esperans lavi popilasyon esklav la pa depase 27 a 30 ane[1].
Nan kè lanfè sa a, li klè Fòs Pwotektè, Gran Jeni Envizib yo te gide moun yo t ap maltrete sa yo. Soti nan Kawonabo pase nan Kasik Anri, soti nan fanm mawon Zabèt rive sou Makandal, flanbo kontestasyon, pwotestasyon, rezistans, libète, rejenerasyon ak delivrans pa janm tenyen. Nan lannwit 14 – 15 dawout 1791, yon konsyans kolektif pran chè epi manifeste pou kondi nan fedatifis janvye 1804 la. Anba drapo Boukmann, nan seremoni Bwa Kayiman, esklav yo nan Sendomeng te òganize, reyalize epi tabli:
Premye kongrè entènasyonal pèp oprime yo
Boujon pou Pan-Afrikanism
Batistè lang Kreyòl ak Vodou Ayisyen
Demann espesifik ki tabli egalite ras imèn nan, respè ak aplikasyon dwa moun, rejè total kapital kolonizasyon ak esklavaj nan yon dènye kout rèl mayifik, san parèy: «Libète oswa lanmò».
Nan pèspektiv sa a, apre depòtasyon Tousen Louvèti, detèminasyon Jan Jak Desalin deklannche nan yon lagè san pitye, san fwa ni lwa, kont lame ki t ap feraye plis nan epòk sa a. Sa te ranvèse, bani epi antere definitivman pou tè nan Sendomeng, e kolonizasyon e esklavaj pou akouche yon lòt kalite moun, tout moun se moun, fonde sou lalwa, egalite, jistis, pwosperite, ak byennèt jeneral. Ayiti vin tounen nannan mouvman pou relve epi rejenere tout pèp, li tounen yon zetwal pou gide pèp eksplwate ak oprime yo, yon boulva Libète, Egalite ak Fratènite.
Toutjan, puisans kolonyal ak esklavajis yo pa janmen padonnen Ayiti dèske li te kraze idewoloji rasis yo a ki te chita sou siperyorite blan yo. Avèk anpil kou anba chal, yo toujou chache antann yo ak move grenn parèy yo, desandan ansyen bouwo yo, kòmandè ak sila yo rele esklav domestik yo, pou bare lawout, detounen, mete nan kanpe lwen oswa menm asasinen nasyonalis toutbon vre yo, patriyòt onèt ak sense yo, revolisyonè yo, anfen, anfen tout moun nanm ayisyen yo sou yo. Konsa, 17 Oktòb 1806, se pa t asasinen yo te asasinen Anperè Jan Jak Desalin epi toudenkou mete «Pwojè Camp-Gérard» a nan kanpe lwen dekwa pou afiche Patri Ayiti Cheri a tankou «yon etalaj echèk?»
Ayiti: yon etalaj echèk
Soti 1804 rive 1825, Lafrans derefize rekonèt endepandans Ayiti a. 3 Jiyè 1825, Baron de Mackau, kaptèn bato wa Charles X la, te debake sou pò Pòtoprens sou bato Circe a, akonpaye ak brig la: le Rusé et de la goélette la Béarnaise, flòt bato sa yo te gen yon lòt seri ki rive youn apre lòt nan yon peryòd kat ak senk jou epi de eskwadwon ki te konpoze ak 2 bato, 6 fregat, yon kòvèt ak 2 brig, pou enpoze ak fòs ponyèt yo, si sa nesesè, demann wa Charles X peyi Lafrans[2]. Nan dat 4 jiyè 1825, Baron de Mackau te prezante bay Prezidan Bwaye yon òdonans wayal ekri nan dat 17 avril 1825 ki rekonèt souvrènte ayisyen sou pati franse Sendomeng lan an retou pou yon pèman dedomajman egal ak 150 milyon fran lò, (ekivalan jodi a apeprè 30 milya dola ameriken), ki te la pou konpanse kolon franse yo ki pèdi byen yo. Anplis, òdonans lan te bay Lafrans avantaj komèsyal ki te favorize li nan komès ak Ayiti[3] devan tout lòt nasyon yo. Konpansasyon sa a Lafrans enpoze Ayiti a pouse kèk otè mete yon etikèt «ranson pou esklavaj»[4] sou li apre yo fin bay tèt yo libète, zam alamen epi eksplwatasyon fòs travay yo tankou esklav pandan 287 ane. Ranson sa a reprezante 10 fwa revni anyèl Sendomeng omoman sa t ap mache byen gran mèsi eksplwatasyon sistèm kolonyal la ak esklavaj. Lafrans te komèt yon krim san manman kont pèp ayisyen an lè li enpoze sou peyi a yon dèt tèt chaje, yon montan lajan ki depase kapasite li ka peye. Konsa, li akapare tout revni peyi a epi kondane pèp la nan mizè, nan enposiblite pou li satisfè bezwen fondalnatal yo, nan demounizasyon li ak sou devlòpman mizèrere san pran souf.
Pèsistans yon relasyon baze sou rasis ak prejije ant Etazini ak Ayiti
Sou bò kote Etazini, relasyon ak Ayiti te toujou an daki, tanpe ak so rasis epi mepri. Malgre patisipasyon ewo Sendomeng yo nan premye lagè Endepandans Ameriken an (Batay Savannah, 16 septanm 1779 – 18 oktòb 1779), malgre Petyon te voye yon kontenjan 150 sòlda ayisyen nan Chalmette (New-Orleans) pou ede yo nan dezyèm lagè endepandans lan kont Angletè, yo toujou refize sistematikman rekonèt endepandans Ayiti. Yo te kontante yo senpman pou enpoze sou peyi a yon komès inegal ak enjis, lavant zam depatya ak machandiz san valè pou kafe, sik, elatriye, sa ki pèmèt machann Ameriken yo monte gwo fòtin prive, san yo pa janm vle konsidere yon posiblite pou rekonèt souvrènte peyi a an chèmèt chèmètrès. Pèsepsyon yo genyen sou Ayiti se te toujou yon peyi kote bèt sovaj de pye ap viv e yo dwe rennen yo, yon eta parya yo dwe diplomatikman[5] bay vag, izole, ak meprize. Anplis mepri yo ki baze sou pran pòz siperyorite ras blan an sou ras nwa, men tou, yo menm anvizaje Ayiti kòm yon move egzanp pou nwa nan eta sid yo ki fèt pou rete fè matyè sale nan esklavaj. Si esklavaj la te aboli nan Sendomeng depi 4 fevriye 1794 epi toutbon depi pwoklamasyon endepandans Ayiti nan dat premye janvye 1804, Etazini, peyi endepandan depi 4 jiyè 1776 te kontinye pratike esklavaj sou nwa, pou yon lòt 89 ane ankò, jouk 18 desanm 1865, dat kote trèzyèm amannman nan Konstitisyon an ameriken an deklare: «Ni esklavaj, ni okenn fòm esklavaj envolontè ka egziste nan peyi Etazini, oswa nenpòt kote ki soulezòd yo.»
Olye pou li ta konsidere Lafrans ki rekonèt endepandans Ayiti kòm yon eleman favorab ki ta dwe ankouraje yo tou pou yo rekonèt souvrènte Ayiti, yo pito konsidere sa kòm yon eleman negatif, jan Prezidan John Adams eksprime klèman nan mesaj li a 6 Desanm 1825: «… Nou jwenn lòt rezon kont rekonesans Repiblik Ayiti apre sa ki sot pase tou dènyèman an, lè pèp sa a aksepte yon souvrènte an jwèt, yon prens, yon chèf etranje ba yo, anba kondisyon ki adapte totalman ak sa yon eta ki sou kontwòl yon lòt ka asepte, sa ki vle di se yon endepandans pote twèl ki pote non an sèlman[6]».
Malgre gwo kontribisyon chèfdeta ayisyen pou siksè liberasyon peyi Amerik Latin yo: (1806: sipò pou ekspedisyon lidè ak revolisyonè Venezyelyen Francisco de Miranda; 1816: èd pou ekspedisyon revolisyonè Meksiken, Jeneral Martin Francisco Javier Mina y Larrea; 1816: sipò pou ekspedisyon Simon Bolivar ki te mennen nan liberasyon Gran Kolonbi (Kolonbi, Panama, Ekwatè, Venezyela), otorite politik Ameriken yo te rekonèt ofisyèlman depi 1822, nouvo repiblik Panyòl yo tankou Ajantin, Kolonbi, Chili, Meksik …, pandan y ap kite lide rasis yo ak enterè kenbe esklav yo nan kondisyon esklavaj yo, yo te pèsiste ofisyèlman inyore egzistans Repiblik Ayiti. Epi, nou te blije tann jouk 5 jen 1862, pou lwa ki ofisyèlman rekonèt endepandans Ayiti ak Liberya a pase. Prezidan Abraham Lincoln te apwouve l gras ak jefò yon defansè san parèy ki rele Senatè Charles Sumner, yon gran avoka kòz endepandans Ayiti epi pou Etazini[7] asepte rekonesans endepandans sa a.
Fòm ki te pi bosal nan ekspresyon mepri Etazini pou Ayiti ak aksyon pou radikalize izolman peyi a, parèt aklè nan opozisyon kategorik li, san grate tèt, pou patisipasyon peyi sa a ki «chaje ak nèg sovaj» vini nan somè peyi endepandan Amerik yo, ki te fèt nan Panama nan ane 1826. Malgre ensistans Simon Bolivar, ki an rekonesans pou sa Ayiti fè pou li, ensiste sou prezans Ayiti, Kongrè ameriken an opoze sa tennfas e yo pa t bay legen. Yo menm te menase pou vire do bay e pa patisipe si «sovaj sa yo» ta dwe prezan.
Soti nan 1862 pou jouk jounen jodi a, nan divès peryòd okipasyon militè, Etazini, gras ak pozisyon yo antan premye pouvwa militè ak ekonomik nan lemonn, toujou kenbe relasyon enperyalis ak Ayiti. Yo gen kontwòl total kapital sou pouvwa politik la, yo sèl kòk chante nan tout eleksyon akoz kontribisyon yo nan finansman an oswa nan fè mannigèt ak Òganizasyon Eta Ameriken (OEA), nan Nasyon Zini (Nasyonzini), ak nan tout lòt ankò tankou Core Group. Sa pèmèt yo fòje rezilta eleksyon yo pou mete pope twèl, moun enkonpetan chita sou chèz boure a, plase pòtre, moun enkapab pou jere peyi a, lèfini negosye defans enterè politik ak ekonomik yo.[8]
Pandan peryòd sa a, Etazini, nan foure bouch dirèk dirèk oswa atravè lòt peyi osinon òganizasyon ranjèdzafè pafwa, potle chapant ekonomik peyi a nan enterè pa yo senpman. Men, se pa nan objektif pou marye enterè pwòp yo ak enterè pèp ayisyen an.
Destriksyon kouvèti forestye nan peyi a. An 1941, yo te tabli Konpayi Ayisyen pou Devlopman Agrikòl (SHADA), nan konsesyon ak prezidan ayisyen Elie Lescot, «2/3 (detyè) nan Forèdèpen, Ayiti ki estime ak prèske 10,200 ekta, swa 4% tout zòn nan peyi a.[9]
Destriksyon pye bwa ki donnen fwi ak apovrisman klas peyizan an. SHADA te tabli kò li nan Grandans kote gouvènman an espopye peyizan yo anfavè li epi dapre pwofesè ak chèchè inivèsite Myrtha Gilbert, «nan peryòd twa ane, konpayi sa a reyalize yon katafal eksplwa nan pouse do 250,000 moun met deyò sou tè yo menm jan li ratibwaze pase yon milyon pye bwa ki bay fwi ak 200,000 pye bwa pen nan mòn peyi Ayiti[10]».
Ewozyon tè. Pandan peryòd okipasyon an (1915-1934), Ameriken yo deposede (san dedomajman) peyizan yo ki t ap viv sou tè fètil yo nan plenn yo, dekwa pou yo monte gwo plantasyon. Sa pouse peyizan yo kite tè yo pou al chèche lavi nan mòn, yo blije debwaze pou kiltive pwodwi ki kapab ede yo viv. Mèzalò, sa te deklannche destriksyon kouvèti forestye peyi a epi pwovoke ewozyon tè a, bwote anpil tòn kouch bon tè fimye al chwe nan lanmè chak ane.
Piyaj resous min konpayi entènasyonal yo fè. Konpayi entènasyonal yo te eksplwate richès nan anba tè nan peyi a, men se pa pou benefis pèp ayisyen an. De ka klè: a) Konpayi Kanadyen SEDREN, ki se asosye Kanadyen «International Mines Halliwell LTD» eksplwate min kwiv nan Mémé, Massif de Terre-Neuve, Gonaïves, ant 1955 pou rive 1971. Ant 1960 rive 1971, Halliwell te eksplwate apeprè 1.5 milyon tòn minrè, valè 83.5 milyon dola ameriken. Lajan redevans ki tonbe nan men leta ayisyen an te sèlman $ 3.0 milyon[11] dola; b) An 1956, konpayi «Reynolds Haitian Mining, Inc.», yon sikisal Reynolds Metal Company, te kòmanse eksplwate min boksit nan Miragwàn. Yo te prevwa yon kapasite 750,000 tòn long pou chak ane[12]. Se te tankou yon kado Ayiti te fè konpayi a, redevans yo a te sèlman US $ 1.88 pou chak tòn nan minrè ekspòte. Te genyen apre de ogmantasyon tarif, yon premye ki te US $ 0.85 ak yon dezyèm ki te US $ 0.50 pou chak tòn. Kontra a te renegosye nan fen 1975. Lè leta ayisyen rann li kont li te kouyonnen li nan kontra anvan yo, se atò otorite nan gouvènman an ale jwenn ekspè CARICOM nan Jamayik pou mande yo koutmen nan pwosesis renegosiyasyon an. Nouvo kontra a te siyen 17 novanm 1975 ak yon redevans ki monte a US $ 15.00 pou chak tòn apati mwa janvye 1976. Li ta bon pou note Reynold Metal Company te konn vann chak tòn minrè pou US $ 550.00 sou mache entènasyonal[13] la. Sa vle di pou yon ekspòtasyon 650,000 tòn minrè, Reynolds Metal Company reyalize yon woulman US $ 357,500,000.00 tandiske leta ayisyen resevwa sèlman US $ 9,750,000.00 pou redevans pa li.
Destriksyon betay kochon kreyòl yo dekwa pou febli ekonomi peyizan an. Nan ane 1960 yo, eskòt kochon ayisyen an te konte apeprè 3 milyon tèt. An 1978, nan kòmansman maladi lafyèv kochon afriken an, kantite a te tonbe a 1,600,000 tèt. Se yon seri rezon anndan vant peyi a menm ki te esplike sa tankou: diminisyon pousantaj repwodiksyon, mank manje ak lèt pou manman ki soufri malnitrisyon, mank kredi pou achte manje sipleman yo bezwen, rediksyon pòsyon tè agrikòl ki soti nan 3.4 – 6 ekta ak 3/4 – pou 1 ekta, elatriye. Nan yon ane, lafyèv la te detwi prèske yon milyon kochon an Ayiti.
Lafyèv kochon afriken te soti an Espay ateri nan Repiblik Dominikèn epi se konsa viris la te antre Ayiti nan komès sou fwontyè a atravè larivyè Latibonit la. Se nan rivyè sa a Dominiken yo te konn jete tout kochon ki mouri enfekte ak viris la.
Pou mete yo an kwa pou pwoteje endistri vyann kochon yo, kèk peyi, patikilyèman sa ki nan peyi Etazini, dapre kèk etid, t ap soufri yon pèt de $ 150.0 milyon dola a $ 1.0 milya dola si maladi a ta janm antre nan peyi yo, twa peyi: Etazini, Kanada ak Meksik enpoze sou Ayiti ak Repiblik Dominikèn PEPPADEP, yon pwojè an de-pati: a) «Pwojè pou elimine epidemi maladi kochon an» (PEPPA) ki vize pou touye sistematikman san pou san tout kochon nan tou de peyi yo epi elimine viris la sou zile a, ak b) Pwojè «Devlopman kochon ak elvaj» (DEP) ki vize restore elvaj kochon. Si premye pati nan pwojè a (destriksyon total twoupo a) se te yon priyorite pou Etazini, Kanada ak Meksik, yo pa t enterese ditou nan dezyèm pati a (restore elvaj kochon[14] an). Dapre kèk enfòmasyon nou jwenn nan bon ti mamit, yo te menm planifye echèk elvaj kochon an Ayiti. Pandan Repiblik Dominikèn reyisi repeple twoupo kochon li yo, Ayiti echwe plat atè ak pa li a, sa tou kreye an menm tan yon mache pou enpòte vyann kochon ameriken, ti kochon pou elvaj ak tou sa yo bezwen pou viv tankou manje espesyal bèt[15] sa a.
Destriksyon agrikilti, espesyalman pwodiksyon diri. Pwojè pou detwi agrikilti an Ayiti te fè pati plan Ameriken depi lontan anvan premye okipasyon ameriken an 1915-1934. Peryòd sa a pèmèt yo tabli premye faz aksyon yo a. Liberalizasyon ekonomi ayisyen tounen yon egzijans pou plizyè gouvènman an plas soti 1986 rive 1995 pou fè peyi a depann totalman sou lòt pou pwodwi manje. Plis pase 60% manje nan peyi a te enpòte, pami yo, 80% diri. Nan fen ane 1994, anba presyon ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton, taks pou enpòte diri te redwi a 3%. Li te enpoze mezi sa a pou pwovoke ouvèti mache ayisyen an pou pwodiktè diri nan peyi li sitou sila yo ki nan eta Arkansas[16]. Kounye a, Ayiti se twazyèm pi gwo mache, apre Japon ak Meksik pou pwodiktè diri ameriken. Mezi sa yo te lakòz eliminasyon pwodiksyon diri lokal ak apovrisman pwodiktè diri Latibonit ak Tòbèk nan sid peyi a. Menm si responsab mezi sa yo, ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton, eskize tèt li pi devan e menm rive gen dlo nan je pou touche kè ayisyen emosyonèl[17] ki gen kè nan men yo, ekskiz sa yo pa t mennen okenn mezi ratrapaj pou pòv pèp ayisyen an ki kontinye peye konsekans yo.
Selon Kowòdinasyon Sekirite Nasyonal pou Lamanjay, nan 2017 «swasanndisèt pousan (77%) nan kay riral yo te pase omwen yon jou ak yon nwit san manje», akòz move rannman nan pwodiksyon nan nivo sektè agrikilti, melanje avèk «gwo depandans peyi a sou enpòtasyon manje ki reprezante plis pase mwatye konsomasyon manje ak 83% konsomasyon diri. Pwodwi alimantè yo koute ant 30 ak 77 pousan pi chè pase rès rejyon Amerik Latin ak Karayib la, sa ki fè yo twò chè pou popilasyon ki manke lajan an.[18]»
ONG yo pran plas Leta a. San eseye defann dirijan ayisyen yo ki pote labanyè nan domèn move gouvènans ak koripsyon, mèzalò, nou dwe rekonèt si patwon yo te vle korije move mès sa a, yo t ap pran mezi nesesè pou sa, daprezavwa moun sa yo an Ayiti pwograme pou obeyi yo je fèmen. Olye sa, yo bloke an kachèt tout jefò popilasyon an pou mande yo pou rann kont, mennen yo lajistis pou dechèpiyaj fon piblik yo, epitou vyolasyon dwa moun. Nan yon lòt sans, tout sa yo aplike ak egzije pou moun lakay yo benefisye, yo boude yo pou, kòmkwa ayisyen pa merite sa yo panse ki apwopriye pou sitwayen nan pwòp peyi yo.
Anplis, pou reyalize plis kontwòl sou ekonomi peyi a, yo ranplase leta a. Yo kanpe ONG yo pou fè pwomosyon pou ranfòse leta a. Yo kanalize yon pi gwo pousantaj envestisman nan ONG yo ki finanse ak èd ki soti lòtbò dlo (anwetan sipò pou bidjè, pafwa ki pwomèt san debouse oswa dekese nan fen yon ane fiskal pou yon myèt pousantaj sou kantite lajan nan bidjè a).
Li pa ta lojik si yon moun pa admèt ipokrizi te toujou mak fabrik relasyon ant ansyen pouvwa kolonyal yo ak Ayiti. Nan yon atik ki te pibliye nan jounal Washington Post 12 Jiyè 2020 anba tit: Ayiti se te premye nasyon ki te pwoklame entèdiksyon esklavaj nètale. Pou ki rezon sa enpòtan jodi a? Dr. Julia Gaffield ekri: «manifestasyon nan lemonn anfavè Lavi Moun Nwa Konte ekspoze eritaj esklavaj ak kolonyalis jodi a. Sa mete anpil ladan yo sou liy defans. Blan yo pa ezite vante istwa yo nan fè abolisyon, mete aksan sou wout puisans kolonyal yo te trase tankou Angletè ak Lafrans. Yo fè espre minimize reyalite yo ak konsekans yo nan esklavaj ak kolonyalis, menm mande rekonesans pou byen yo fè nan mete fen nan menm sistèm gason pa kanpe yo te tabli yo menm[19].»
Nan ka Ayiti a, menm pouvwa sa yo pa janm padonnen li dèske ak aksyon fòs kouraj li, Ayiti te kraze idewoloji rasis yo ak konplèks siperyorite blan yo. Atitid yo anfas Ayiti fòse tout ayisyen konsyan ak patriyotik poze kesyon sa a: Èske se vle yo vle efase peyi sa a sou kat jewografik nan pase pa tout mwayen pou pwovoke disparisyon li? yo te aji, pafwa an kachèt, pafwa aklè pou bloke devlopman li yo, dekwa pou li vin tounen yon egzanp pou lòt nasyon nwa ki egziste sou planèt la pa swiv. Tansèlman, Ayiti te toujou pwouve li se yon defansè pou libète epi yon pyonye nan divès domèn. Pandan manifestasyon pou pwoteste kont zak vyolans lapolis apre asasina Georges Floyd, manifestan ki fache jete estati Kristòf Kolon nan yon rivyè. Poutan, ayisyen te deja fè aksyon sa a depi 34 lane. Nan dat 7 fevriye 1986 yon gwoup ayisyen te deboulonnen estati Kristòf Kolon an epi jete l nan lanmè a, pou montre rejè yo pou kolonizatè sa a ki te yon esklavajis san fwa ni lwa. Apre li te redwi Endyen Kiskeya nan esklavaj, lè li te fin pete fyèl Endyen sa yo, se menm Kristòf Kolon sa a ki te entwodwi komès esklav nwa nan koloni Ispanyola a.
Kriz konsyans ayisyen an
Demann pou diyite nou ak pèsonalite nou kòm pèp, prensip otodetèminasyon ak respè pou souvrènte nou anpil fwa sapata anba gwo puisans yo. Pèt santiman afilyasyon ki fè yon moun idantifye l ak yon gwoup ak disparisyon santiman patriyotik se pi gwo malè pandye piblik ki tonbe sou peyi a. Ayisyen pran wout pa bwa. Pa gen tounen dèyè. Pifò manm lelit la plis sou sèvi enterè peyi etranje pase enterè pwòp peyi yo. Majorite manm sosyete sivil la pèdi sans listwa, an konsekans idantite yo. Ventnèf ane nan diktati, plis trannkat ane nan yon kriz politik. Pafwa yon kriz vinèg, pafwa yon kriz poze tankou ma kafe. Ayiti sou yon titèl ki pa bay non li, li nan yon demokrasi malatchonn ki jistifye sèlman ak yon seri eleksyon fo mamit kòm derechanj dèske rezilta yo oryante selon volonte gadò nou yo ki se gran puisans yo, ki toufe tout dezi pou lidèchip nan sosyete sivil la. Pou dayè, nan sosyete sivil la, gen kèk òganizasyon nan sektè sa a ki pa la pou pwofi yo, men ki gen yon vokasyon imanitè. Yo gen lidè anba lòd envestisè entènasyonal yo, ak lòt kategori moun nan sektè prive a ki gen kòm sèl objektif pou fè otorite politik plezi dekwa pou yo jwenn kontra bab e moustach pou ranmase gwo pwofi, pou anrichisman pèsonèl yo ak konplisite sektè piblik la. Ki te mele yo ak sitiyasyon finans peyi a ak bezwen popilasyon an an jeneral k ap bat dlo pou fè bè pandan y ap rete tann jouk yo tounen pwatann.
Peyi a ap pèdi tout sibstans li. Jèn moun yo, ki se majorite nan popilasyon an, pa gen okenn referans oswa modèl. Yo lage de bra balanse, lèfini yo kondane nan chomaj. Dezespere pou lavni yo, yo pran tout risk pou yo sove kite peyi a, epi yo ateri nan peyi Chili, Brezil oswa nan Antiy Franse yo an kèt lavi miyò ak byennèt, avèk lespwa kache byen fon nan kè yo, yon jou yo va rive nan peyi rèv yo a, Etazini. Ayiti vin tounen yon peyi eskal, yon peyi eksplwatasyon.
Pou manm gouvènman ki pase youn apre lòt sou pouvwa a, se te seleksyon sou mezi. Entènasyonal la asire yo tout soti nan ranje moun san nen yo ki soumi tèt anba tankou zonbi, san okenn nosyon onè, prestij, leta a ak enterè nasyonal la. Yo pa konprann yo kapab dyaloge epi negosye ak yon pouvwa etranje pou defans enterè nasyonal, san yo pa devye nan pozisyon zanmitay ak alye pouvwa etranje sa yo.
Ansasinay George Floyd, yon ameriken nwa 46-zan ki mouri anba jenou ofisye polis blan Derek Chauvin a, nan dat 25 me 2020 nan vil Minneapolis, eta Minnesota, te rann li posib pou tout moun konstate ak kè sere Ayiti pèdi nanm li, oswa ti grenn ki rete ak yon swadizan nanm kriye fòfè epi bay legen. Yo pa gen odas ankò pou gen lavwa ochapit.
Alòs toupatou nan lemonn, Kanada, Meksik, Brezil, tankou peyi Itali, Dànmak, Peyiba, Almay, Grann Bretay, NouvèlZeland, Iland, Lafrans, elatriye, milye ak milye manifestan tout ras, tout koulè ak klas sosyal kòtakòt, te pran lari pou pwotèste kont rasis ak vyolans lapolis, Ayiti te rete kè kal nan ensousyans li. Ki lòt peyi nan monn lan ki te soufri plis pase Ayiti anba rasis ansyen pouvwa kolonyal yo? Èske popilasyon ayisyen an pa viktim anba zak vyolans lapolis chak jou? Èske li pa viktim kout baton, gaz lakrimojèn, bal an kawotchou, pafwa menm minisyon toutbon, lè li deside manifeste pou reklame dwa li pou egzistans ak yon minimòm pou viv, pandan an menm tan, bandi ak kidnapè, ki an teyori lapolis sipoze ap chèche ap sikile lib e libè gwo lajounen, bay entèvyou nan laprès epi montre ak fyète gwo zam gwo kalib lagè yo? Èske popilasyon an pa viktim vyolans politik ak vyolans ekonomik tou?
Èske nou pa ta dwe montre solidarite nou ak frè Afriken-Ameriken nou yo zansèt yo tankou pa nou yo te viv anba jouk esklavaj? Èske nou pa ta dwe eksprime senpati nou pou frè sa yo ki jouk nan lane 1970 zòt te entèdi chita kòtakòt yon moun blan nan otobis, rantre nan yon restoran rezève pou moun blan nan pòt devan oswa pou yo frekante menm lekòl ak blan yo, lè nou menm ayisyen te deja pran endepandans nou pou plis pase 150 ane?
Èske nou se pitit natif-natal ewo sa yo ki te kite peyi sa a pou nou ak pri san yo, ak lavi yo, oswa pitit ki pèdi bousol, ki refize tout prensip etik ak valè moral devan lajan kach?
Ayiti te rate opòtinite pou demontre, tankou lòt peyi nan lemonn nan, solidarite ak tout moun k ap pwoteste kont vyolans lapolis, enjistis ak rasis, ak sipòtè yo ak senpatizan pou mouvman «Lavi Moun Nwa Konte» a, epi rele ak tout gagann yo byen klè, pou denonse devan lemonn enjistis nou toujou kontinye ap viktim yo. Tankou nan ka George Floyd, jenou ansyen puisans kolonyal yo toujou sou kou Ayiti epi y ap peze venn kawotid nou. Ayiti ap kriye: «Mwen pa ka pran souf». Li sipriye yo mete bout nan touman l, e li di yo, «Tanpri, kite m respire kounye a.»
Solèy la parèt tèt li epi lonbraj yo ap disparèt
Sitiyasyon Ayiti jounen jodi a bay kè sote serye. Peyi a toujou ofisyèlman anba siveyans, men Nasyonzini inyore responsablite li yo. Yo menm te envoke pretèks pou yo pa peye dedomajman pou fanmi moun ki viktim anba kolera yo, lè envestigasyon syantifik te pwouve maladi a se sòlda Nepalè yo ki te enfekte.
Ensekirite ap layite kò l an Ayiti. Chak gwo vil nan peyi a kounye a gen de oswa twa gang k ap goumen pou enfliyans teritwa, simen latwoublay nan fanmi yo, menm masakre ti bebe ak fanm ansent[20], kidnape moun yo vle, vyole fanm, elèv lekòl ki soti nan klas aswè yo nan divès fakilte epi asasinen yo lè paran yo pa ka peye ranson yo mande a, detounen konntenè machandiz, fòse plizyè konpayi nan fayit … Poutan, sitiyasyon sa a devlope piti piti, anba je MINUSTHA ki prezan nan peyi a.
Nasyonzini, OEA ak gwo peyi ki nan CORE GROUP la koupab pou tolerans yo nan koripsyon ak koriptè yo ki ap evolye anba zye yo. Malgre sa, yo pa manke denonse koripsyon, menm jan ak enpinite, enjistis, ensekirite, mizè, vyolans, nan deklarasyon ofisyèl[21] yo. Yo pale kont eleksyon fo mamit yo lè se yo ki kontwole tout bagay soti nan A rive nan Z nan pwosesis elektoral an Ayiti dapre opinyon yon ansyen Direktè KEP, gen rezilta ki pibliye apre youn nan eleksyon yo ki pa t sa moun ki te konte bwat bilten vòt yo te konstate[22].
Apre sakrifis Jan Jak Desalin, ki kraze kolonizasyon ak kase chenn esklavaj, apre leson Antenò Fimen sou egalite ras imèn yo, Ayiti toujou an tèt devan pi fò gwo mouvman ki te kreye yon zak sivilizasyon. Tan an pou Phoenix resisite leve nan sann dife li a rive. «Kwazad pou Devlopman ak Pwogrè an Ayiti» envite tout moun ki toujou gen yon nanm ayisyen oswa konsyans pou reklame istwa nou yo epi leve kont Nasyonzini, OEA, CORE GROUP ak tout gouvènman sa yo ki imilye, meprize ak vekse peyi a.
Yon Bwa Kayiman, yon Akayè ak yon Kan Jera modèn nesesè. Kwazad la envite tout entèlektyèl, pèsonalite ak pèp ki nan peyi nwa yo, peyi oprime oswa ansyen oprime yo, moun kè nan men yo rele imanis tout ras, pou kole zepòl avèk patriyòt ayisyen yo dekwa pou refè yon sèl ak vrè revolisyon ras imen, nan mounizasyon tout listwa limanite.
Nòt : Text sa te pwodwi pa CROISADE POUR LE DEVELOPPEMENT ET LE PROGRÈ D’HAITI (CPDH)[*]
[1] P.A Brunt. Dialogues d’Histoire Ancienne, n 11, 1985, https://books.google.cz, p.651
[2] P.A Brunt. Dialogues d’Histoire Ancienne, n 11, 1985, https://books.google.cz, p.651
[3] La normalisation des relations franco-haïtiennes (1825-1838) [article] Itazienne Eugène
Outre-Mers. Revue d’Histoire / Année 2003 / 340-341 / pp 139-154 : Haïti Première République Noire
[4] Frédérique Beauvois, French Colonial History, Vol. 10 (2009), pp. 109-124
[5] Frédérique Beauvois, French Colonial History, Vol. 10 (2009), pp. 109-124
[6] Etienne Edy. La vraie Dimension de la Politique Extérieure des Premiers Gouvernements d’Haïti (1804-1843) Sherbrooke, Québec, Canada : Editions Naaman. 1982 p. 144.
[7] Rose-Mie LEONARD, op. cit. p. 216
[8] Elections 2010 : Les résultats publiés n’étaient pas ceux du CEP selon Pierre-Louis Opont. https://m.youtube.com>watch
[9] République d’Haïti, Ministère de l’Environnement, Programme Aligné d’Action Nationale de Lutte contre la Désertification. Avril 2015, p. 31
[10] Shada, chronique d’une extravagante escroquerie, par Myrtha Gilbert
[11] L’Industrie manière en Haïti, Enjeux et Réalités, par Gerardo Ducos. Révision et Edition : Elizabeth Garant, Jean-Claude Icart et Suzanne Loiselle, janvier 2016.
[12] République d’Haïti, Bureau des Mines et de l’Energie, Direction de la Géologie et des Mines, Mémento pour l’Histoire, Chronologie du Secteur Minier Haïtien (de 1492 à 2000). www.bme.gouv.ht
[13] Inter Face : Ankèt sou Reynolds Haitian Mines, 1è Pati. Ankèt sou Reynold Haitian Mines nan Miragwàn, 2è pati/ Radio Haiti Archive/ Duke Digital… Marvel Dandin and Harold Isaac report on the imminent closure of Reynold Haitian Mines in Miragwàn …
[14] Inter Face : Ankèt sou Reynolds Haitian Mines, 1è Pati. Ankèt sou Reynold Haitian Mines nan Miragwàn, 2è pati/ Radio Haiti Archive/ Duke Digital… Marvel Dandin and Harold Isaac report on the imminent closure of Reynold Haitian Mines in Miragwàn …
[15] Toute la Vérité sur le massacre du cochon créole. https://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/83954/Toute -la-verite-sur-le-massacre-du-cochon-creole.
[16] Haïti-Production de riz/ Importation : Autosuffisance, équilibrisme ou Capitulation. Par Marcel Duret, Ex-Ambassadeur d’Haïti à Tokio. Soumis à AlterPresse le 8 avril 2014. www.alterpresse.org
[17] Food aid helped destroy Haiti’s ability to feed itself, ex-President Clinton says. By Jonathan M. Katz, Associated Press writer. Updated jan 12, 2019, posted March 20, 2020
[18] Projet de Plan Stratégique de pays – Haïti (2019-2023) WFP. P.5
[19] Julia Gaffield, associate professor of history at George University, author of Haitian Connections in the Atlantic World: Recognition after Revolution (UNC Press 2015) washingtonpost.com
[20]https://rezonodwes.com> 2020/07/26. Les gangs armés fédérés G9 pro-Jovenel Moïse accusés d’avoir tué une femme …
www.lenouvelliste.com 13 juillet 2020, Un bébé de 8 mois tué par balle à Cité Soleil dans la guerre pour contrôler ce …
https://www.gazettehaiti.com>node Haïti insécurité : Des bandits tuent un bébé et une femme qui serait sa mère à …
www.lenouvelliste.com 13 juillet 2020, Un bébé de 8 mois tué par balle à Cité Soleil dans la guerre pour contrôler ce …
https://www.gazettehaiti.com>node Haïti insécurité : Des bandits tuent un bébé et une femme qui serait sa mère à …
[21] http://binuh.unmissions.org 12 août 2020. Le BINUH, préoccupé face à la recrudescence de violence des gangs occasionnant des violations graves des droits humains.
[22] Elections 2010 : Les résultats publiés n’étaient pas ceux du CEP selon Pierre-Louis Opont. https://m.youtube.com>watch
[*] Kwazad pou Devlòpman ak Pwogrè Ayiti se yon òganizasyon sosyete sivil la ki te kreye nan objektif pou rasanble ayisyen patriyòt, entèg ak onèt toupatou kote yo ye sou latè, dekwa pou yo kwa rann peyi yo pi djanm e mete li sou wout pwogrè ak devlòpman ekonomik ak sosyal. «Kwazad pou Devlòpman ak Pwogrè Ayiti » gen sig li ki se CDPH. Yo rele l tou: «Kwazad la».
CSMS Magazine sou Facebook: www.facebook.com/csmsmagazine
Sou Twitter: www.twitter.com/csmsmaga