Subscribe:Posts Comments

You Are Here: Home » Kreyol » YON LANGAY POU RAKONTE LANMOU

Pa Jeanie Bogart

CSMS Magazine

M te toujou panse chak moun pale yon lang oubyen plizyè lang selon peyi kote yo fèt la osinon selon lang paran yo. Kidonk dapre mwen menm ankò se nan lang sa a moun lan ka esprime tout santiman k ap travèse li : kontantman l, lapenn li, kòlè li, laperèz li, elatriye.

            Apre m fin li liv pwezi Henri-Robert Durandisse la ki rele Langay Lanmou , yon liv ki gen katreven dizwit paj lanmou ke Edisyon Pawòl nan Monreyal te pibliye ane pase a, mwen vin poze tèt mwen kesyon sa a : èske gen yon langay espesyal pou lanmou ?

            Antouka langay Henri a senp, li klè kou dlo kokoye. Se tankou yon timoun ki fèk ap dekouvri lanmou. Sa vle di li pa konplike l. M ap goumen pou m pa di li inosan men lide anndan liv la tèlman ouvè epi yo gen yon senplisite, yon kwayans ak fèmte, ke sèl yon inosan kapab wè lavi a nan yon fason ki pozitif konsa.

            «  Pou ou, mwen se flanm volkan ki derefize dòmi. Vòlkan k ap krache dife, vomi lafimen pou dechouke tout tribilasyon sou chemen nou. Se vre youn lwen lòt. Men, ak oksijèn lanmou, nou va respire lodè renmen pi pre. » paj 25

            Depi nan kòmansman liv la se separasyon, se yon distans k ap detire jou apre jou, k ap kenbe lanmou sou chak pwent kòd li. Men sepandan, lè w antre anndan chak grenn pwezi ou wè powèt la pa ale pi lwen ke anndan kè l. Li mete l toutouni nan reyalite lavi ak lanmou pou di sa ki devan je tout moun men ke difikilte lavi anpeche nou wè, monte desann toulejou anpeche nou jwi.

« M ap mande pou ki tout chatiman renmen ap talonnen m san rete. Pafwa, kè mwen mande si se sèl lanmò ki pap janm trayi nou. Malgre tout doulè, nan mitan kò ak lespri, lanmou se oksijèn lavi. » paj 36

            Henri abitye nou ak anpil lanmou. Dayè li te pibliye yon koleksyon pwezi ak mizik sou CD an 2004 ki rele Amour, je te tutoie ak Edisyon Pawòl. Nan Langay Lanmou, pa gen pèdi tèt, pa gen depale kou moun fou. Powèt la sèten de tèt li, de santiman l. Rezilta a sèke anba plim powèt la, pwezi yo soti trankil, dous, ak fòs, ak asirans. Se yon nonm ki konn sa l vle, ki konn sa l ap ekri. Santiman l pa twouble ditou.Tematik ki devlope yo se lanmou k tankou rozo ke separasyon ploye men paka kase, souvnans, atant, lespwa.

            Sa tout moun k ap li yon liv ki kòmanse nan separasyon souvan ap ret tann se lè retwouvay yo va fèt. Men malgre tout lespwa, malgre fòs lanmou, liv la kite yon ti tristès piske l fini menm jan l te kòmanse a, ak menm distans lan nan mitan anmore yo.

« Anmwari egzistans

Pawoli w

Nouri memwa mwen

Fanm peyi

Pwezi nanm mwen

Mwen ofri w lavi

San chantay

Ni panzou » paj 47

Gen de mo tankou kayimit, gede, yanvalou, konpa, rada, kata avèk lang li ekri pwezi yo ki se kreyòl Ayisyen an ki fè lektè a santi se de yon fanm peyi dayiti powèt la ap pale. Men sa k manke m sèke pa gen non yon ti kote, yon ti sous dlo, yon ti plas an Ayiti ki site nan liv alòske li site lari Monreyal ak rivyè Senloran.

            Sa ki etone m anpil sèke li pa janm pale de tounen. Fòs lekzil la tèlman fò li ka makònen zantray moun k ap li liv la. Men se vre ke gen yon pwovèb ayisyen ki di « lespwa fè viv ». Lespwa sa ki te bay Henri-Robert Durandisse fòs ak enspirasyon pou l mete deyò bèl liv sa ki rele Langay Lanmou.

«  Nan dènye lèt ou a, mwen jwenn souf karès ou k ap depoze m toudousman, sou vag flèv Senloran, nan yon vwayaj latoudlin san kòmansman, san fen.

Mwen tòtòt lèt sila a, mo apre mo, nan chache yon dènye degout ki pa janm rive.” paj 84

komante atik sila-a ou byen voyel bay yon zanmi

Osi kade lot atik an kreyol

Leve kanpe pou konbat vyolans sou Fanm!

© 2009 CSMS Magazine · Subscribe:PostsComments · Designed by Theme Junkie · Powered by WordPress

© 2011-2014 CSMS Magazine All Rights Reserved -- Copyright notice by Blog Copyright