6.6 C
New York
Thursday, March 28, 2024

NON OU

Mwen ekri non wSou yon ti moso papyeKi fe yon sèlAk pla menmJiskaske l fonnMwen ekri non wSou yon pi gwo papyeKi tounen sèvolanLi vole, li fè toubiyonNan mitan lavimMwen ekri non wSou yon ti fèy bwaLè lapli vini, li mouyeSolèy fin sechelmove tan pase, botel aleMwen ekri non wSou yon ti moso nyajApre lapli tonbeLi tounen lakansyèl mwenBondye lan syèl mwenMwen ekri non wSou pwent lang mwenM roulel, m souselMen tou, m model, m valelChak fwa l anbarasemMwen ekri non ouAnba pla pyemApre ou fin kitemMwen mache sou li, m pilelJouk li fonn nan labouJeanie Bogart 7/18/2006

Related Articles

Latest Articles