22.2 C
New York
Friday, June 24, 2022

GOCH AYISYEN AN ECHWE! (Deziyèm Pati)

Pa Abel Simon    

Espesyal pou CSMS Magazine

N’ap pibliye deziyèm pati konkenn chenn dokiman sila ke kanmarad Abel Simon voye ban nou. Se yon dokiman ki fè yon rapel istorik ansanm ak yon analiz aprofondi sou la goch ayisyen an nan dènye 20 lane ki sot pase yo. Kanmarad Abel fini analiz la pandan l’ap pwofite bay yon yon altènativ sou kijan yon la goch kapab repran wòl istorik li kòm avangad mas popilè yo e lit demokratik yo an jeneral.     

Ki lès ki genyen manda pou dirije yon peyi?  

Nan tout sosyete demokratik k ap devlope kelkeswa fòs  politik ou sosyal k ap dirije sosyete a, li toujou bezwen yon seten lejitimite legal oubyen konstisyonèl pou l dirije . N ap di rapidman, nan sa ki konsène peyi Ayiti,  responsablite a chita nan kan  pwogresis la pou yo deside si yap pran desten peyi a nan men yo, pou korije dega ki fèt yo. Jiska prezan, majorite oganizasyon popilè nan  peyi a rezone agoch , donk nou panse ke pwochen  manda pou dirije peyi a rete favorab a goch pwogresis la. Se pou sa nou dwe kòmanse kreye bonè yon vrè espwa nan kan mas yo. 

Pozisyon ki eksprime anlè yo mennen nou a poze tèt nou yon lòt keksyon. Eske li rezonab pou pèp ayisyen an ale vote pou yon 5è fwa yon seten goch swadizan pwogresis  san yon pwojè politik ? Repons la se non, altènativ la dwe parèt kounye a pou pèp la ka genyen tan pou l evalye l, e si nesesè mobilize pou yo defann ni ak vote l an mas, nan pwochen eleksyon yo.

         Zafè dyabolize pwosesis elektoral la kòm yon demach opotinis, inefikas pou pran pouvwa a, lè nou kite sektè popilis la ki pa genyen yon

ajennda politik popilè pran pouvwa a, epi nou chita  n ap gade a, pa kòrèk. Nou dwe rantre nan pwosesis elektoral la avèk yon nouvo dinamik ki ka pèmèt nou rive pran kontwòl aparèy leta a pou nou konstwi yon nouvo peyi ak chanje kondisyon moun ki ap viv ladann.

Absans Vizyon ak Leadership

Absans vizyon ak kriz leadership se sa ki mete nou la, nou pa ka pran 2 ou 3 mwa sèlman pou nou fòme yon kowalisyon san prensip pou nou ale nan eleksyon. Sa a se yon move metòd pou nou chwazi dirijan nou yo. Nou pa ka pran yon bann OP ak kèk ti pati poitik san pwojè de sosyete pou  nou remèt yo direksyon politik peyi a.

    Jodi a, divizyon ant palman an ak ekzekitif la fè ke yo pa ka travay ansanm pou rezoud pwoblèm peyi a. Yo pa genyen yon vizyon komen pou mete yon gouvènman an plas ki ka fè peyi a mache, menm si yo genyen yon majorite nan (2) chamb yo. Yo pa menm ka rive òganize eleksyon pou renouvle yon 1/3 sena a. Koripsyon nan mitan depite ak senatè yo se pa pale, selon Prezidan Preval, menm palè nasyonal ladann tou.

    Li evidan ke pa genyen pèsonn ki ap dirije peyi a. Militan konsekan kote nou ?

    Kounye a, nou ta renmen analize kriz leadership la an 4 pwen:

1)      Palman-Ekzekitif

2)      Sektè Popilè-Ti legliz (mouvman mas yo)

3)      Sektè Prive

4)      Pati Politik yo

Palman

Se vrèman yon tristès lè nou ap pale de palman ayisyen an jodi a, pa genyen diferans ant li menm ak ekzekitif la, se dezòd ak eskandal ki domine nan fonksyonman yo. Byen ke konstisyon an etabli wòl 3 branch leta a avèk otonomi e respè youn pa rapò a lòt, sa pa fè okenn diferans nan fonksyonman Lajistis, Ekzekitif, ak Palman an. Prezidan an toujou vle montre ke se li ki sèl chef, e palmantè yo nan sousi pou yo regle zafè pa yo pa ka jwe wòl yo tout bon vre.

     Palmantè yo an tan ke reprezantan pèp la, apa vote lwa ak ratifye konvansyon, dwe fè balans ant lejislatif la ak ekzekitif la pou anpeche ke prezidan an ak premye minis la tabli yon diktati, gaspiye resous ak mwayen peyi a, e devlope politik ak pwogram pou satisfè bezwen popilasyon an. Men, sa nou ap wè devan je nou pa genyen rapò ditou avèk sa yon palmantè ta dwe ye. Se iresponsabilite jeneral, akizasyon adwat agoch, epi pa ka genyen koròm pou seyans fèt. Yo konpòte yo tankou  koutye. Nan kondisyon sa a, pèp ayisyen an pa ka jwenn yon chanjman reyèl paske yo pedi konfyans nan eli yo.

Sektè Popilè-Ti Legliz

Youn nan sektè ki pi enpotan nan desizyon politik peyi a, sou yon baz lejitim, se sektè popile a. Se sektè ki frape politikman ak ekonomikman pi fò paske yo pa oganize jan yo te ye avan ane 80 yo. Sektè sa a te  genyen plis koyerans nan batay pou revandikasyon l  yo ak plis disiplin. Nou vle pale patikilyèman de sektè ti legliz la. Sektè popilè a pèdi anpil kad politik ak relijye  ke yo fiziye nan kondisyon ki pa janm klarifye oubyen ki kite legliz la pou rezon pèsonèl yo.

     Absans leadership  sa a kreye yon vid kay mas yo, pafwa w santi yon tandans anachik ki manifeste lakay yo. Baz ti legliz la se te yon milye kite konn bay anpil jèn lidè pou ankadre mouvman popilè a. Nou remake pati politik yo pa rive konble vid sa a. Yon lòt aspè ankò, se pè pwogresis yo ki te jwe yon wòl enpòtan anndan mouvman  an ki pa te rive devlope yon konsèp klè sou kisa Ti legliz la ta ye a pati teyoloji liberasyon an.                                                                                          

    Rive Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a an 1990 bloke tout travay politik ak edikasyon popilè ki te kmanse yo.

    Kontrèman ak Ayiti, nan lòt peyi Amerik Latin yo tankou Brezil, Nicaragua, Salvador ak Bolivi, ou jwenn yon ekip  entelektyèl pwogresis k ap fè etid sosyolojik nan nivo Inivesite pou anrichi lit popilè yo. Nan ka pa nou,  se Oganizasyon Non Gouvènmantal (ONG) ki swa dizan ap akonpaye mas popilè yo, men yo pa fè yon travay koyeran tout bon vre pou ankadre ak kore mas yo.

    Revòlt kont grangou nan mwa avril 2008 la, parèt trè klè kòm yon revòlt espontane men ki te kapab  pran bon rout la, si li te òganize, pou rezoud yon

pwoblèm ki pi pwofon, pi fondamantal nan peyi a: Chanje Leta a.

Sektè Prive

Elit ekonomik Ayiti a, se  preske yon sektè deta. Li genyen ladann 2 ou 3 gwo boujwa ki genyen komès yo pou yo ak fanmi yo, yo rete kache ap pran roulib sou feblès ki genyen nan leta a pou yo ka kontinye fonksyone nan magouy, san peye redevans fiskal yo. Chak ti gwoup pami yo ap chache ti opotinite pèsonèl pa yo, pandan ke kèk ladan yo konn chache kèk ti aktivite sosyal, tankou ede repare 2 ou 3 lekol ki kraze, bay kèk ekip foutbòl yon ti tchotcho ak kèk lòt ti bagay ankò, men devlopman ekonomik peyi a pa janm enterese yo, e yo pa janm pran okenn inisyativ ki genyen rapò avèk amelyorasyon kondisyon moun ki pi pòv anndan peyi a,tan nan Pòtoprens ke nan provens. 

Ki chwa ekonomik nou dwe fè?

Lè nou ap eseye tande diferan  entèvansyon  kamarad ki travay sou dosye  ekonomik anndan peyi a tankou deyò a, nou twouve ke genyen yon vid nan chwa ekonomik nou ta dwe fè jodi a.

    Tandans dominan an, se esplike ravaj ke plan neyo-liberal Bank Mondyal ak FMI an fè nan peyi tyèmond yo lè yo enpoze l sou yo. Nan demach sa a, nou kwè ke 2 eleman enpòtan ki manke. Se:

1-Ki sistèm ekonomik kanmarad yo vle popoze ?

2-Ki politik envestisman kapitalis ki akseptab pou peyi a ?

Chwa ekonomik nou genyen pou n fè a pral genyen anpil enfliyans sou ki tip sosyete nou vle bati jodi a. Malgre tout pwoblèm aplikasyon plan ekonomik neyo-liberal la genyen nan yon bann lòt peyi , sa pa t anpeche leta ayisyen  foure kò l ladann depi plizye ane . Nou, antanke pwogresis k ap chache yon solisyon dirab  nan pwoblèm peyi nou, dwe lanse  yon deba anndan sosyete a pou wè ki sistèm epi ki estrateji nou pral adopte devan enstitisyon entenasyonal sa yo, pou remedye a gwo kriz k ap travèse peyi nou depi lontan.

    Pandan n ap chache yon nouvo apwòch ekonomik ki baze sou istwa sosyo-politik pa nou, fòk mas yo sou bò pa yo, yo kontinye avanse ak  machin politik la deyè yo. Nou klè deja ke elit ekonomik peyi a fin mete  mas yo deyò  nan tout rezo legal ki enpotan ki ka fè lajan, pandan ke yo ki te yo nan yon grangou kloròx.

    Jodi a, diskisyon k ap fèt nan òganizasyon popilè yo ak  òganizasyon peyizan yo, dwe chita sou kòman jwenn yon konsansis sou yon pwojè politik/ekonomik/sosyal pou pwochen dirijan ki pral genyen  manda pou yo dirije peyi a pou yo pa vin bay pèp la Nana pou Sizann, men ki pral teni kont de revadikasyon l yo, pou yon lavi miyò,ak pran pozisyon kouraje nan diskisyon y ap genyen pou yo fè avèk enstitisyon entenasyonal yo.

       Avan nou rantre nan vye antant bouyi vide, kesyon pwodiksyon nasyonal la dwe poze yon lòt jan.Wi nou vle li, men kòman e pou ki lès ?

    Ministè Finans ak Ekonomi , Ministè Planifikasyon ak Agrikilti dwe genyen yon plan mikro kredi ki koresponn avèk vizyon devlopman nou pou peyizanri an ak mas ibèn yo.

    Gouvènè Bank Santral la dwe fè tout sa l konnen pou modènize sistèm bankè a nan peyi a ak mete anplas bon jan règleman pou kontwole bank k ap prete lajan avèk to enterè ki ekstrèmman ekzajere.

    Se mòd keksyon pratik sa yo ki dwe fè pati de nouvo edikasyon popilè a, pou n ka komanse debleye teren an avan nou rantre nan yon fòm de pataj pouvwa. Pa genyen relansman pwodiksyon nasyonal vre si leta pa angaje l tout bon avèk tout ensitisyon gouvènmantal yo nan kreye opòtinite pou mas yo.

Pati Politik yo

Jodi a, peyi a bouke ak pati politik tradisyonèl yo. Nan peryòd tranzisyon an, sou gouvèvman Boniface/Latortue a, nou te wè ki kalite tretman mas yo te jwenn bò kote pati politik yo. Se  yon seri de pati politik ki pat devlope rasin nan pèp la, donk yo pa kapab konprann devlopman mouvman istorik li a chak moman, ni kapasite pou degaje yon altènativ politik pou ankadre yo nan lit yo. Nan sans sa a, sèl estrateji yo te genyen se te dyabolize, pou yo te ka profite touye, tout eleman ak tout sa ki te genyen orijin popilè menm si li pat genyen anyen pou l wè avèk Lavalas oubyen Aristide, ak bay tèt gwo privilèj pou yo pa peye taks,pandan 3 zan. 

     Le 7 fevriye 2006, pati politik yo te sibi pi gwo imilyasyon yo te janm sibi nan men pèp ayisyen, lè li te vote an mas pou Preval, paske yo pat  genyen yon plan pou yo te pran pouvwa a avèk pèp la e  yo pat kapab mete yon kowalisyon sou pye pou yo te pran pouvwa a pou kont yo. Omwen, si yo te mete tèt yo ansanm, yo ta parèt pi konpetitif nan dènye eleksyon jeneral yo. Se sèl RDNP ki te rive fè 13% nan vòt yo, tout rès yo se te 10%, 5%, 3%, 2%, 1% oubyen 0%.

     Malgre gwo echèk sa a, pati politik yo pat rive tire okenn leson. Okontrè, sou menm roulib la, yo  aliyen yo pou yo te chache yon pòs minis pou pati yo, sou kontwòl Prezidan Preval, san yon akò politik ki reflete ajennda politik yo.

     Revòlt grangou kloròks la ak kriz pou palmantè yo te rive ratifye yon premye minis montre non sèlman ke pati politik yo te bay prezidan an yon chèk an blan, men tou, yo pa t genyen  anyen pou yo wè avèk revandikasyon popilè yo ak doulè pèp la.

Evidamman, mobilizasyon jeneral ki te fèt pou mete Preval sou pouvwa a pèdi  momentoum li, paske Prezidan an pa rive onore revandikasyon mas yo, pandan ke li pèmèt moun ke popilasyon an te vote kont yo ap fè gagòt nan resous ke leta ta dwe mete disponib pou ede soulaje soufrans moun ki pi pòv yo.

     Gwoup 184 la, pati politik de dwat yo, sosyal demokrat yo, sèten militè demobilize sou kontwòl Guy Philippe ak ekip Metayer a nan Gonaives, mennen yon mouvman ki rive, avèk konplisite ak presyon kominote entènasyonal la, ranvèse  Jean-Bertrand Aristide prematireman sou pouvwa, le 29 fevriye 2004, tristeman, sa pa rive pote anyen nouvo pou pèp la, ni pou peyi a. Se menm pratik reyaksyonè a ki kontinye ap fèt, pandan ke sitiyasyon pèp la ap vin pi mal chak jou.

    San nou pa rantre nan yon konpetisyon initil avèk pwofesè Moise Dorce sou tèks li ekri ki rele: “KI PATI POLITIK NOU BEZWEN JODI A” nou ta renmen pote sèten klarifikasyon nan pèkspektiv pa nou.

    Pou komanse, n ap di bravo pou tèks la, paske nou rekonèt ke li mennen yon deba pou pèmèt pati politiik yo vanse. Sepandan, nou kenbe pozisyon nou te genyen avan an, ki te soti nan teks ki te rele ’Patriyot, pa kite jou bare w’ pati politik yo montre ke yo trè  fèb sou teren an. Nou pran pou prèv, dènye eleksyon jeneral  7 fevriye 2006 yo.

    Pati politik ki sou teren an pa reyini kondisyon pou yo rele tèt yo pati politik. Se sa ki fè ke nou kwè li nesesè pou nou menm, ki nan sektè demokratik la, fè yon chwa kounye a, pandan ke nou kontinye ap travay sou ki tip de pati nou dwe genyen. Nou dwe chache yon konsansis pami nou pou nou ka rive jwenn yon zouti politik pou nou ka bloke ajennda popilis nan pwochen eleksyon yo. Se fason ki pi si pou nou rive kreye yon anvironnman demokratik tout bon nan peyi a epi konstri on vre pati travaye.

Dwat la dezespere- Li ta swete yon okipasyon peyi a san madou

Malgre tout eprèv, sektè dwat la, an Ayiti, li pa chanje ditou. Okontrè, li ap vin pi mal de jou an jou. Li pa genyen okenn respè pou mas pèp la, se pouvwa ak fè lajan sèlman ki enterese l. Li pa menm jan avèk dwat sèten peyi, kote nan yon demokrasi boujwa yo genyen yon minimun respè pou dwa moun ak devlopman imen. Nou menm, dwat lakay nou, se destabilize avèk fè kou deta, sou direksyon kominote entènasyonal la, kont Prezidan ki eli konfòmeman a konstitisyon peyi a, sèlman ke li konnen.    

    Avan 1986, sektè dwat anti divalyeris la te òganize yon bann envazyon rate, pafwa avèk konplisite sèten milite melanje ak bèt tout plim tout plimay. Pandan 20 dènye ane yo ki pase yo, jan nou sòt gade pi devan an, ni goch la, ni dwat la, youn pa genyen yon pwojè sosyete  ki klè ki ka mobilize mas yo pou pran pouvwa a. Se sa ki fè ke nan eleksyon 1990 ak 2006 yo, pèp la te chwazi pran tren popilis yo, pou evite li tonbe anba  fachis ki sanble tankou 2 gout dlo avèk Duvalier yo.

       An fevriye 2006, pèp la rejte yo nan yon eleksyon prezidansyèl, sibitman, nou wè yo tounen an fòs avèk menm pratik yo: nan Okap, Wanament ak nan Plato Santral, yon bann nèg avèk zam kanpe pou yo mande pou lame tounen ankò.

Ki sa nou vle?

Nou vle pou yon sistèm demokratik etabli nan peyi a, kote dirijan yo, nan leta a, pran responsablite yo devan pèp la ki eli li yo sou pouvwa; ak pran bon jan mezi pou kreye travay, mete lekòl ak bay tout moun swen sante. Men, menm jan avèk tout sosyete modèn, san patisipasyon kad entelektyèl  yo nan devlopman sosyo-ekonomik nan lavi poltitik  peyi a,  sa pap mache.       Nan kontèks jodi a, se devan dilèm sa a nou ye la. Nou pa dwe sispann chache yon konsansis sou sa nou estime ki  se priyorite pou nou e ki enterese yon pi laj sektè nan vi nasyonal la. Pami yo se keksyon inite a  k ap  pi difisil pou n rezoud. Lit ti chapèl yo dwe fini avèk nou. Se limit sa yo nou dwe konprann ak depase, jodi a, si nou vle devlope kapasite ak abilite pou nou mete lòd nan dezòd òganizasyon popilè yo ki ekziste nan moman an,  

pou nou kapab transfome fòs popilè yo an yon veritab fòs òganize ki pre pou konkèt pouvwa a.

KIYES KI GENYEN MANDA POU DIRIJE?

Ki dènye chans Goch la?

Dènye chans goch la, se admèt li echwe nan misyon istorik li pou l te kreye yon lavi miyò pou mas pòv yo ak rive fè « mea culpa » l epi komanse trase chemen ki korèk la, pou rektifye erè nou menm pwogresis yo komèt nan pran devan bann nan. Se sèl fason nou kapab restore kredibilite nou. Antan militan revolisyonè responsab, nou dwe renonse avèk vye pratik lach, koken ak sou devlope mental yo. Li lè pou nou rive mete nou dakò sou yon pwojè ki fondamantalman pwogresis, ki laj e klè sou prensip demokratik yo. Pou fwa sa a, viktwa nou antisipe a se pèp la ki rive genyen tout bon vre. Responsablite a, se pou nou pwogresis ak entelektyèl yo ramase karaktè nou epi sispan plenyen.

    Youn nan siy pozitif  ki manifeste nan peyi a, jodi a, se inisyativ Jakmèl la ki te fèt  nan mwa desanm, ane pase a, kote 3,4 òganizasyon peyizan te chita ansanm pou reflechi, epi gade ki diferans ki genyen antre yo ak rekonèt erè yo pandan existans yo, nan lit popilè a. An final, yo deside goumen pou yo mete yon veritab federasyon peyizan sou pye nan peyi a.  Jèfò sa a, se yon jèfò kapital pou kore mouvman demokratik la. Men, li endispansab pou Tèt Kole, MPP ak KROS  fè pwòp evalyasyon tèt yo, nan moman an, pou yo kapab restriktire òganizasyon  sa yo nan  you espri inite, kote yo pral genyen pou yo degaje you estrateji klè nan entere mouvman peyizan yo. Lè sa a, l ap vin pi posib pou yo pou yo pran desten y o an men. An menn tan an, nou paka chita di nou sou bon rout san nou pa santi efè miltiplikatè mouvman sa a  nan tout peyi a.

    Leadership sektè peyizan sa yo dwe chita ak OP yo nan  gran bidonvil yo pou mete yon kodinasyon nasyonal sou pye avèk plizyè lòt oganizasyon, tankou, sektè fanm ak etidyan  pou rive kòlte a reyalite a.         

Ki Solisyon?

Chwa pa nou, se  rantre nan pwosesis elektoral  la avèk yon nouvo dinamik kòm youn nan mwayen pou pran pouvwa a, epi pote chanjman ki nesesè yo. Kote militan pwogresis nou pale deja yo reyini ak sila ki genyen vizyon modèn a genyen kapasite pou yo pran evantyèl kontwòl 2 chamb yo ak meri yo, pou nou ka rive satisfè revandikasyon mas yo. Feblès mouvman popilè a, se absans inite ki manke nan mitan nou menm pwogresis yo ki koze l. Nou dwe travay pou rekalibre revandikasyon yo ansanm ak mas popilè yo pou  yon batay  pi radikal kont tout eleman deviyasyonis k ap itilize mas yo pou fè kapital politik yo epi abandone lit la pita.

    Batay la jounen jodi a kamarad, se rive rasanble tout pwogresis yo nan yon gwo konbit  pou n rive  fè yon chwa atan sou sa ki fondamantalman demokratik kòm garanti pou kenbe inite anndan mouvman popilè a, kote chak moun ka gen chans pou defann pozisyon yo. Se mwayen ki pi korèk pou n  soti nan bann ak pakèt kandida san pwojè sa yo.

    Nou bezwen kamarad patriyòt ki genyen sans rsponsabilite, karatè, leadership ak vizyon pou rantre ak kondi nou nan batay pou pran pouvwa ak lit pou rekonstrisyon peyi a.

Kamarad an Avan, li jou!

Novann 2008

Abel Simon       

Pou kritik ak sijeksyon ekri nou nan adrès sa a: abelsimonzephir@yahoo.com

Osi kade lot atik an kreyol

Leve kanpe pou konbat vyolans sou Fanm!

Related Articles

Stay Connected

23,667FansLike
8,151FollowersFollow
2,490SubscribersSubscribe

Latest Articles