26.7 C
New York
Wednesday, June 29, 2022

Chak fanm gen dwa pou manje … E aprè sa ki fèt pou sa ?

Pa Frantz DELICEKorespondan CSMS Magazine an AyitiNan peyi  Dayiti  tout fanm pa gen menm dwa . Tout fanm pa jwi dwa pou manje menm jan . Genyen ki ka manje ,konsa tou genyen ki oblije  soufri pou yon ti kras manje.Li inè ,yon jou dimanch  nan yon fanmi  nan komin Delma . Sou yon recho dife , de ti grenn pwa fatigue bouyi..Fanm  ki  se tèt  fanmi sa pa konnen ki sa poul fè ,se sèlman ti pwa a li te genyen.Pa lafwa li mete l sou dife .Lap tann . Pwa a ap bouyi , pwa a fatigue bouyi . Yon ti tan apre barye madanm sa frape ,yon lòt fanm pote pou li yon bòl manje byen vlope pou moun pa konn afè yo .Lòt fanm sa te panse ak madanm nan li pote kichoy pou li ,li tou  wònt ak manje   a nan men li. Men sa li pa konnen  an , li vinn  sove  fanmi sa pou jounen sa . Si li te konnen li  ta pote pi plis .Se sal di.            Istwa sa se reyalite anpil fanm peyi Dayiti .Fanm  sa yo se yo ki tèt kay  yo.Se yo ki pou bay manje . Si yo malad kay la malad tou. Medam sa  yo pap pale siyasyon  sa ,yo trò fyè  pou sa,yo oblije kenbe diyite yo paske granmoun nan tan lontan te aprann yo sa,yo pa vle moun konn soufrans yo.    ‘’Li enpòtan pou nou konbat vyolans sou fanm .Men vyolans lan younn nan  bagay ki pwodwi li se grangou , fanm yo grangou .’’ Yon fanm Ayiti           Anpil fanm ak  soufri anba grangou…            Nan  lane 2003 , FAO , ki se yon ajans nasyonzini  kap regle  kesyon manje , te  avèti sou yon kriz ki pa fè bwi nan peyi  Dayiti , se kriz grangou .Nan lane 2003 , FAO te konte plis pase 3,8 milyon mou ki ap soufri ak grangou  sou tè Dayiti .Nan chif sa,plis moun sa yo se fanm. Nan yon deklarasyon  plizye fanm te fè nan vil Beijing nan mwa sektam ane 1995, fanm sa yo te montre  ke pwòblèm manje ap venn pi grav men se plis fanm  ki  ap viktim. Nan yon  ankèt kite fèt , gen  90 fanm sou 100 fanm ki ap viv nan bidonvil yo ki ap mennen yon move lavi. .Ankèt sa montre tou majorite fanm ki  ap dirije fanmi yo  malad akòz grangou .Nou konprann sa byen paske fanm sa yo itilize preske 70% nan lajan yo antre pou bay manje nan kay la. Pafwa yo pito pa jwenn manje men pitit yo jwenn. Nou pa jwenn menm tandans sa lakay gason yo, 40% nan lajan mesye  yo se pou lòt bagay se pa pou kay la. Nou konnen,  ankèt sou kantite moun ki genyen nan peyi a montre gen 52% fanm sou tè Dayiti, sa vle di pwòblèm grangou a anpil , li frappe anpil fanm.Fanm ki pi fèb yo  se fanm kap viv nan pwovens yo, se fanm ki ap travay nan faktori yo, se fanm ki ap travay lakay moun ,anpil se tèt kay yo .‘’Nan peyi Dayiti moun pa ta dwe gaspiye manje . Gen twòp moun kap domi san yo pa manje .Se yon krim lè ou  pral dòmi manje ap gaspye sou tab lakay ou .Gen lòt moun ki pa ka goute dlo sèl‘’Pawòl yon granmè Ayiti       Inegalite  fanm  yo ap sibi rann sosyete a pi pòv …           ‘’Chak moun gen dwa poul manje ‘’, se yon pawòl ki fè reflechi . Lè nou konnen , grangou makonnen ak povrete . PNUD , yon ajans nasyonzini , nan yon rapò li mete deyò ,fè wè gen yon lyen ant povrete ak tout fòm inegalite ki genyen nan sosyete a .Rapò sa montre inegalite ekonomik ,ak inegalite ant seks  yo,  ede grangou ak povrete yo pran jarèt nan sosyete a. Rapò sa rale zorey tout moun pou yo ka konprann inegalite medam yo ap sibi pa sèlman gen konsekans sou medam yo sèlman men sou tout soyete a , sou ekzistans sosyete a menm . Sa vle di nou pa ka kwape grangou san nou pa lite pou kaba tout inegalite medam yo ap sibi, se lave men siye atè . Bay medam yo plis kapasite pou yo defann tèt yo, wete yo nan sityasyon  inferyè se komanse lite kont grangou ak lamizè.      Kòz ki fè fanm yo pi pòv , pi grangou …              Grangou a ak pòvrete vinn pi plis lakay fanm nan peyi Dayiti . Se pou  tèt sa tout ajans entènasyonal kap lite kont grangou ak povrete , remake gen  yon ogmantasyon nan fanm ki ap soufri anba grangou , ki pòv anpil. Gason yo pòv tou, men pa fanm yo pi plis , lap ogmante .Nan lemond antye , yo konte genyen plis pase 9 milyon moun ki pa konn li ak ekri ,men detyè (2/3) nan moun sa yo se fanm .Nan peyi Dayiti se menm bagay la plis moun nan sa yo di ki yo  pa konn li ak ekri yo se fanm.Akòz anpil nan yo pa konn li  ,yo pa gen kapasite entèlektyel pou travay, yo oblije pran ti djòb ki pa byen peye. An mwayèn ,fanm yo ap  touche,   ant 50  a 80% lajan yon gason ap touche pou menm travay yo ap fè .                                               Nan 3,8 milyon mou ki ap soufri  anba grangou yo plis se fanm .Plis moun kap mouri paske yo pa jwenn swen doktè, plis se fanm. Sa montre fanm yo pi pòv ke gason yo. Fanm yo pòv  se akòz inegalite yap sibi andan kay yo. Inegalite sa yo vinn pi plis akòz   bann prejije ki genyen nan sosyete a.           Gen yon mesye ki oblije ap cheche pi gwo travay poul ka rive pran swen kay li.Pandan tan sa li pa vle tande madanm li bezwen al travay. Sa se sityasyon anpil fanm  an Ayiti, anplis mari yo pa vle , yo resevwa yon edikasyon ki  di ‘’ bèl fanm pa soufri ‘’ ‘’yap toujou jwenn yon gason ki pou leve yo atè a’’. Men m tandans sa soti nan yon rapò PNUD. Kote li montre ,gason ki pòv yo pa vle madann yo al travay ,pa vle pou yo rantre lajan tou, yo vle pou medam yo toujou depann de yo. Men rapò sa montre gason ki ap viv nan pwovens yo itilize medam yo , madanm yo pou patisipe nan plante nan jaden an. Men mesye sa yo lè rekolt la finn fèt fouye tout lajan nan pòch yo. Mesye sa yo ,nan menn rapò sa itilize vyolans pou mete medam yo anba kontwòl . Gen lòt kòz ki fè medam yo pi pòv, pi grangou .Lè ou gen timoun kap kriye nan pye ou pou manje ,ou paka ba yo manje ,pa gen anyen yon fanm pap fè !Yon manman peyi DayitiSi gen 52% fanm nan peyi Dayiti , se Selman 43% ki mennen yon aktivite .Fanm yo se ti djòb yap fè , genyen pou rive manje oblije al travay anba yon pakèt move kondisyon ki ka menm mennen nan  pwostitisyon. Marie ( se pa vrè non l)  ap travay nan pak indistryèl la sou wout  ayopò a ,li abite matisan,li pap touche gwo  anplis li gen pitit pou bay manje ,voye lekòl . Li ap tcheke ak yon sipèvizè ki ap ba li yon ti kal lajan . Nan menm tan sa tou li gen yon lòt gason ki nan izin nan ki ap achete manje ba li  lè brek li rive . Li di li oblije, paske kòb lap resevwa a paka  peye  machinn pou li nan yon mwa alòs  poul ta ba li manje ..Istwa sa se istwa younn nan 70% fanm kap travay nan faktori yo. Anpil oblije vann tèt yo pou manje .         Grangou ak lamize  lakay fanm  se yon bagay konplike …                         Rapò mondyal sou devlopman moun ,nasyonzini mete deyo chak ane montre fenomèm grangou ak povrete a se yo  pwoblèm  konplike  lakay fanm yo. Grangou ak povrete a pa depann sèlman de  lajan moun  yo rantre, fanm yo ap touche . Men se rezilta kalite sante yo ,  rezilta si yo konn li ak ekri, si yo manje manje ki ekilibre ki djanm ,se rezilta si yo ka achete sa yo vle .Anpil responsab politik vle ogmante revni fanm yo ,vle mete soupye pou yo sa yo rele mikrokredi a.san manyen lòt koz yo, yo bliye sa ki nannan pwoblèm nan .Se vre politik sa yo an sifas pote yon amelyorasyon men yo limite  pou chanje sityasyon fanm nan peyi Dayiti. Ki sa yon moun ka fè ak lajan ou prete li si li pakonn li  ak ekri, si li pa konn defann dwa li. Gen yon fanm mari li al nan sòl pou l ka sanble yon ti kòb pou bay madanm li. Fi sa pa tat regle anyen nan kay la.Mesye sa ba li kòb la li touché a poul degaje li fè yon komès,   poul pa chita nan kay la .Dame sa pa fè anyen ak kòb la li manje chak jouyon bon  poul  ,move chans pou misye li pa renmen vyann poul . Lè mesye a mande li sa li fè ak kòb la li di li achete kabrit nan peyi li bay gade . Men li paka janmè montre misye kabrit  sa yo  yon jou. Sa se istwa yon fanm ki pa  ka defann tèt malgre li jwenn lajan poul degajel. Si fanm yo pa konsyantize , pa deside pou yo pran lavi yo nan men yo , anyen pap chanje se pa mikrokredi ki ap chanje sa. Politik mikrokredi dwe mache ak alfabetizasyon,ak konsyantizasyon   fanm yo si non se lave men siye atè .             Chanje lavi moun mande pou moun nan vle sa .Pou moun nan deside mete men . Chanje lavi fanm kap soufri anba grangou  ak povrete mande pou fanm yo deside leve kanpe pou fè sa.Se fanm ki ka dabò vle deside chanje lavi yo .Gwoup Djakout  nan peyi Dayiti chante  ‘’ Chak moun gen pwòblem ‘’ ‘’Tout moun gen  pwòblèm ‘’, sanble nan ka fanm yo, yo gen plis pwòblèm ,men yo ka chanje sa. Si yo leve pou yo mande leta  bon jan edikasyon  primè pou tout fanm ak gason,  pou leta ba yo  kote pou yo aprann yon pwofesyon pou yo ka responsab lavi yo. Pou yon mande bon jan swen  sante pou yo ka travay  pou antre lajan,pou yo sispann mouri anba nenpòt ti maladi . Pou yo mande pou leta chanje tout lwa ki ap toupizi yo, ki fè pwa kay la chita sou do yo sèlman. Tout moun gen pwòblèm se vre men si nou pa  rezoud pwòblèm fanm yo, sosyete a fèk kare nan pwòblèm .Fanm ak gason ann leve pou kwape grangou, nou ka fèl , li mande sèlman nou vle l. Nòt : Frantz DELICE se ekriven ki ap viv  Pòtoprens.  Si ou vle ou kapab ekri-l nan adrès sa-a :frantzdelice@yahoo.fr   

Related Articles

Stay Connected

23,661FansLike
8,155FollowersFollow
2,490SubscribersSubscribe

Latest Articles