12.2 C
New York
Tuesday, April 23, 2024

Bèl Marabou

haitian girl1aBèl kayimit, bèl marabou

yo ta pran tan di’w se Ameriken

men kouran ki travèse venn ou

san pou san Ayisyen

lejou zye’m te kontre pòtrè wou

lespri’m te deja  soufle’m yon ti pawòl

ke douvan tout fanm kreyòl

ou se yon klète douvanjou

yon ti souri’w se sous ki fè lapli vini

andedan kè’m li antre pou fè tout tè sèch pati

si’m se yon nonm e wou se yon fanm

m pa wè sa’k manke pou nou pa ta pouse flanm

si tout sa ki rive’m ak fanm se devenn

jou nou  te kontre a de se te fen lapenn

jou po kò’m ak kò’w te resi kwaze

sete kou syèl ak tè ki t’ap danse kole

dwèt men’m ki tap fè bèl kadans

sou ti po kò lis ou

se te tankou  tanbou nan lakou souvnans

ki t’ap fè vètij anba dwèt mouche ogou

bèl kayimit, bèl marabou

o wi kwè’m si’w vle, ou te an trans

se te majik karès nou de sou balans lanmou

ki te kourone larèn anvi an abondans

manzè solèy ou ye, mwen pa pè proche’w

ti van fre ke’w ye, san pale mwen admire’w

ou se boukan dife pa pou mwen men pou zòt

paske lè nou de kontre nou len konn sekrè lòt

tankou yon ti kafe nwa cho koule san ma

k’ap karese gòj mwen nan tan lanèj sèl wa

se konsa m ta vle ye pou tout sezon Bondye fè

si tout fwa’m ta devni pou wou yon nonm ki chè

nan ti je koukouy ou sous bote kache

lè jou mwen va   rive pou mwen ale

Bondye va kenbe je’m ak je’w de kote opoze

konsa ma va pa sonje gou lavi dèyè’m ki va rete

bèl kayimit, bèl Marabou

o wi kwè’m si’w vle, ou te an trans

se te majik karès nou de sou balans lanmou

ki te kourone larèn anvi an abondans.

Indi Ara Richard

2-23-2015

Note: “Like” nou sou Facebook: www.facebook.com/csmsmagazine  

Related Articles

Latest Articles