8.3 C
New York
Thursday, March 28, 2024

Ayiti: yon sèl solisyon, se revolisyon!

haiti fight 1CSMS Magazine

Depi lit demokratik la te komanse nan debi lane 80 yo, se pou la premyè fwa pèp ayisyen an preske rive vrèman pou kontwole aparèy leta -a. Nouvel kap soti Ayti yo trèz ankourajan. Nan tout vil peyi-a, moun yo ap mande yon sèl bagay: Chanje sistèm nan! Chanje leta koronpi-a!

Nan CSMS Magazine, nou konpran ke mo “sistèm” pa vle di menm bagay pou tout moun. Men yon bagay ki klè tankou dlo kòk: Pèsòn pa deside pou yo pran gòl a men ankò. Demokrasi popilè pa posib an Ayiti san yon dechoukaj total de kansè neo-duvalieris la. Maten an nan nouvel yo, anpil moun ap ande pou louvri zam so agranman yo. Nou konpran fristrasyon pèp la, men fè janm pa kwaze fè san-l pa gen òganizasyon dèyè-l. Lènmi an limenm byen òganize. Li gen yon machin malfektè byen kanpe dèyèl e ki prè poul komèt jenosid pou fèmen bouch tout moun ki vle goumen jisko bou.

Sèt fwa si, Jovenel Moise ak tout akolit li yo jwen mèt yo. Pèp la pa deside poul retoune sou beton an chak twa mwa ankò; ni yo pa deside pou yo mouri grangou ankò padan ke yon ti gwo parazit ap kraze, piye.

Reprezantan plizyè òganizasyon popilè pran la pawòl sou divès radio nan peyi-a.  Alòs ke gen diferans nan deklarasyon yo, yon bagay rete klè pou yo tout: Fòk tout vòlè yo ale. Men kijan-w fose parazit ale si-w pagen mwayen lojistik pou fè sa? Jovenel Moise konnen li pat janm yon prezidan reyèl. Li konnen-l  te toujou  yon popetwèl nan men plizyè anbasad nan Pòtoprens. Li pap fè yon pa san yo padi-l fè-l.

Se sèl yon Fwon Popilè ki ka rive vrèman dechouke-l. Operasyon pa janm fèt san kout bistouri. Larwouze fè banda, toutan solèy poko leve. Se òganizasyon, Se òganizasyon, Se òganizasyon…. Plon gaye pa janm fè bon kou. Listwa zansèt nou yo se bi bel egzanp. Batay pèp ayisyen an se pa yon batay izole. Se menm batay ak tout pèp tout kote kap goumen pou lavi miyò. Farabundo Marti, Augusto Sandino, Patrice Lumumba, Charlemagne Péraltre, etc. yo tout te konprann lojik òganizasyon an. Mete dout diferans sou kote pou nou fè dezyèm endepandans lan. Jonen Jodi-a, batay la pa yon batay ideolojik, se yon batay patryotik li ye.

Fwon Popilè a, se li ki va deside ki fòm de konba ki pi apwopriye nan moman sila pou derasine malfrendeng. Lè SANTREBAS la ap pase, la va pase byen òganize. Lènmi an pral gen yon advèsè pi direk pou-l vize. Nou konpran sa. Lit la ka pi dire. Nou konpran sa. Li ka vin pli sanglan. Men lèl triyonfe, li TRIYONFE! Manifestasyon se yon taktik politik, li pa yon estraji pou yon viktwa final.

Ayiti pa pou vann, ni an gwo, ni an detay!

Aba Jovenel Moise!

Viv Ayiti!

Related Articles

Latest Articles