6.6 C
New York
Friday, March 29, 2024

POZISYON PRENSIP AK ETIK

Nou resevwa yon nòt pou la pres de etidyan nan Inivèsite leta d’Ayiti ki ap goumen pou otonomi Inivesite a.

____________________________________________________________________________

05 fevrier 2016, yon ansanm etidyan envesti rektora Inivèsite a. Poukisa ?

Antouka se pa premye fwa zak sa yo ap poze, se pa premye fwa nonplis y ap pran sanksyon kont etidyan. Men zak yo toujou fèt poulaplibèl. Kidonk pran sanksyon pap rezoud pwoblèm nan, se pwoblèm yo ki pou poze epi rezoud.

Jou Lendi 8 fevriye 2016.

Nou pa nan voye wòch kache men. Tout aktè anndan Inivèsite a konnen aklè konpòtman enstitisyon an parapò ak pratik-politik tradisyonèl anndan peyi a. Pozisyon prensip ak etik sila se pou raple reskonsab yo Inivèsite a se yon espas politik men l pa yon espas politisyen. Inivèsite a pa la pou l repwodwi pratik dominan dinamik sosyetal la, li pa la pou l rapousib Leta  nan tout kote l prale. Inivèsite gen yon wòl avangadis pou kritike Leta nan fason l ap mennen bak sosyete a. Kèk fwa menm, nan kontèks difisil tankou kontèks elektoral tout-ti-vis ak kriz valè moral ki gen jodi a, se sosyete a ki ta dwe swiv Inivèsite a. Se pa Inivèsite a ki ta dwe foure kò l nan sòs kòripsyon ak pratik politisyen malonèt tout plim-tout-plimay.

Dispozisyon tranzitwa fevriye 97 la, se yon gwo mannèv politik pou deparye, demakonnen Inivèsite a ak Leta. Dispozisyon sila a se aboutisman batay pwofesè ak etidyan konsekan ki tanmen depi lokipasyon blan meriken. Otonomi an vle di Kit se divalyeris, kit se lavalas, kit se tèt kale, Leta an Ayiti nan tout fòm li ta genyen ; Inivèsite pa gen pou l voye flè, niche pye, ranpe dèyè politisyen osnon manje rès Leta. Yon mannyè pou nou di Inivѐsite a la pou l reflechi an granmoun, sou fonksyonnman Leta ak sosyete a,kritike yo kòmsadwa epi ba yo bon jan oryantasyon pandan l ap chache konprann yo.

Men, gen lontan dirijan yo enplike nan yon seri zak ki met prensip ak etik enstitisyon sila a an danje. Jounen Jodi a etidyan ak pwofesè konsekan pa ka met dlo nan bouch yo pou yo pa denonse zak malonèt sa yo epi sove enstitisyon an. Se pou n gen kouraj pou n lonje dwèt epi izole moun sa yo ;  kit se pwofesè kit se etidyan. Kit se rektè kit se dwayen. Enstitisyon an dwe aprann izole eleman endezirab pou l sove tèt li.

Jounen jodi a Inivèsite a pa senpman foure kò l anba zèl politisyen kòwonpi pouvwa Leta a, se manm enstitisyon an menm ki tounen politisyen ak kòriptè. Konsa, ou jwenn kandida k ap bay lajan, k ap pwomèt djòb pou yo ka vin rektè osnon dwayen (Jean Poincy ak Payant pami lòt…). Ou jwenn pwofesè zonbi k ap touche san antite yo pa konn ki kou yo fè (Yacinthe Bergues pami lòt… non l afekte nan INAGHEI kòm pwofesè tanplen). Ou jwenn antite k ap fè etidyan peye pou fè memwa poutan gen pwofesè tanplen, poutan gen kòb nan bidjè pou pèmèt etidyan reyalize travay sòti yo (FDSE pami lòt…). Ou jwenn antite tankou INAGHEI ki pa ret anpil pou privatize piske se lajan w ki pou mete w. Magouy nan konkou. Pwogram fòmasyon kontini an tounen lekòl pwofesyonèl k ap akeyi tout timoun filo depi lajan w kont. Ou jwenn IERAH-ISERSS ki tounen òganizasyon obsèvasyon elektoral nan eleksyon nou tout konnen yo. Politisyen Desras menm rive site non Inivèsite a kòm enstitisyon k ap vann manda pou PHTK. N ap site sa yo senpman. SANN PA BLIYE KOU KI PA FЀT DEPI TWA SEMЀN ANNDAN INIVЀSITE A. TOUT LAKOU SANTI, FATRA TOUPATOU, TWALÈT PA NETWAYE, SALTE, KÈPLEN ELATRIYE.

Pwoblèm sa yo pran fòm yon kriz ki gen de (2) chapo. Yon chapo estriktirèl, yon chapo konjonktirèl. (…) Alaverite, se yon seri doulè k ap manje jèvrin Inivèsite a. Men doulè sa yo se sentòm maladi Inivèsite a soufri depi byen lontan.

N ap mande tèt nou nan sitiyasyon kriz enstitisyonèl, kriz moral sa a ; kisa ki bay rektora aktyèl la lejitimite pou fè eleksyon ? Menm kou twa (3) rektè yo pa ka pèmèt etidyan yo swiv nan inivèsite jounen jodi a… ! San n pa bezwen montre se yo menm menm ki lage enstitisyon an nan enpas sila a. Tout moun konnen depi ki dat pèsonèl la ap rele anmwe pou yo ka viv ak sa y ap touche.

 Eleman estriktirèl kriz UEH la.

Byen kout, avèk anpil swenyay, n ap prezante pwen pa pwen pwoblèm k ap bwase bil inivèsite a estriktirèlman.

1- Sou plan akademik

haiti university students– Inivèsite a gen pwoblèm rechèch. Poutan pa gen kote sou latè inivèsite pa gen rechèch ak pwodiksyon. De zouti sila yo se nannan l. Si pa genyen yo se kòm si w pa gen inivèsite. Mankman sa yo fè Inivèsite Leta Ayiti a tounen yon veritab espas kote y ap konsome lakonesans ki soti lòtbò dlo. Atik 7.7 dispozisyon tranzitwa a pase anba pye.

– Inivèsite a gen pwoblèm bibliyotèk. Epi, lè yo resi mete yon espas konsa li pa ka resevwa menm 20% moun oubyen etidyan kap frekante antite yo. Manke, pafwa pa gen menm, liv sou yon seri tèm etidyan vle travay sou yo. Liv teknik ak pwofesyonèl yo piplis pase liv rechèch yo. Liv ki pale sou chapantay peyi etranje yo piplis pase liv sou Ayiti. Liv franse piplis pase liv blan meriken, liv blan meriken piplis pase liv latino-ameriken pandan pa gen liv ayisyen nan pwòp lekòl pa nou. Nou bouke li liv sou lavi ak listwa kolon, nou bezwen li liv listwa « endyen » ak liv « esklav » yo.

– Difikilte pou etidyan jwenn estaj. N ap mande tèt nou kisa ki anpeche etidyan Leta a retounen al sèvi sosyete a kifè katran ap peye lekòl pou li ? Si se pa sans ansèyman siperyè a menm nou poko konprann. Leta paka ap peye lekòl pou yon pakèt etidyan, aprè sa l pakonn sa yo devni. Se sèl reskonsab ki gen lajan pou voye jete, oubyen ki pakonn pou ki lap fè depans li yo ki aji konsa.

– Etidyan pa ka jwenn ankadreman ak akonpayman. Lè y ap remèt memwa se yon peripesi. Nan fakilte dwa (FDSE), fòk etidyan yo bay gwo lajan pou jwenn yon direktè memwa. Kantite lajan tou detèmine kantite nòt y ap fè. Nan INAGHEI se yon sèl pwofesè ki akonpaye memwa pou twa disiplin poutan l pa etidye youn nan disiplin sa yo. Li pwofite sitiyasyon sa a pou l fè lajan. Avan tikrik-tikrak, li di w li bay konsiltasyon an prive.

– Etidyan ap etidye sikoloji, medsin, chimi, fizik, enfòmatik elatriye san laboratwa oubyen pa gen laboratwa ki adapte ak nouvo egzijans ak avanse ki fèt nan disiplin nan.

– Neglijans lakay pwofesè k ap asire kou yo. Pa gen kontwòl  sou prezans yo. Pa gen anyen ki janm di sou absans yo ak movèz fwa yo. Pwofesè vin fè kou lè yo vle.

– Kisis diferan fakilte yo pa marande avèk reyalite peyi a. Sa ki fè Inivèsite a pa jwe wòl avangadis li nan rive konnen ak pwoteje patrimwàn kiltirèl ak entèlektyèl peyi a.

– Pwofesè ap anseye nan move kondisyon, yo pa gen bon jan materyèl didaktik. Sa ki fè yon seri vire do bay Inivèsite a. Egzanp pwofesè Laennec Hürbon ki se yon pwofesè ki teka ride Inivèsite a, men tout reskonsab nou yo fè fèt lè li kite Inivèsite a. Gen plizyè lòt ki pap pran anpil tan pou yo dekouraje.

– Li pa nòmal pou etidyan ap abandone etid yo pou kesyon liv, pou kesyon grangou. Poutan nou konnen gen yon alokasyon nan bidjè Inivèsite a ki ale nan diferan fakilte yo pou regle kesyon kafeterya ak sèvis kopi. Kote lajan sa yo ? Se pa kore etidyan non souple!

2- Sou plan administratif

– Pa gen transparans nan jan y ap jere lajan anndan Rektora a ak anndan diferan antite yo.

– Patipri nan jesyon konfli yo. Etidyan se ravèt, dirijan ak pwofesè se poul.

– Jiskaprezan UEH la ap fonksyone sou yon dispozisyon tranzitwa pandan y ap vyole l chak jou ki jou.

– kominote inivèsite a pa janm enfòme sou mannyè lòt moun tankou pwofesè ak manm pèsonèl entegre Inivèsite a, aprè etidyan nou konnen ki antre sou baz konkou.

– Inivèsite a miwo miba nan sa y ap met disponib nan diferan antite: gen antite ki gen kafeterya, gen lòt ki pa genyen. Gen antite yo trete manm pèsonèl yo pi byen nan salè ak kondisyon travay. Divizyon, diskriminasyon ak ti enterè mesken dirijan yo ap manniganse a se motè modèl enstitisyonalizasyon sa a.

– Pati prive ki gen nan INAGHEI a fè nou poze keksyon sou fason yo pran moun nan tout Inivèsite a. Nan antite sila, rekritman tounen yon ti pas kout reskonsab fè bay ti fanmi ak ti zanmi osnon moun ki gen bon jan lajan. Jiskounye, aprè tout efò pwofesè ak etidyan konsekan fè, toujou gen moun ki antre INAGHEI (pati lisans lan) nan magouy. Gen etidyan ki woule kò yo, yo pran lajan paske yo te patisipe nan obsève dewoulman koreksyon egzamen konkou yo. Aloske se yon komisyon ki ta dwe endepandan parapò ak dekana a.

– Pa janm gen limyè ki fèt ak enfòmasyon ki bay sou relasyon antite yo genyen ak lòt enstitisyon. Tankou rapò IERAH avèk MINUSTAH oubyen KEP Opon an. Kisa ki eksplike MINUSTAH ap finanse manje pou IERAH pandan gen kòb ki disponib pou sa nan bidjè UEH la ? Jiskaprezan Inivèsite a pafè limyè sou patisipasyon l nan eleksyon 25 oktòb yo ki plonje peyi a nan katchouboumbe poutan inivèsite a te jwe gwo wòl. Ala verite, eleksyon sa a met sosyete a fas-a-fas ak Inivèsite a devan reskonsablite moral li. Inivèsite a patisipe nan yon eleksyon ki fèt ak gwo lajan ak gwo zam, rektora a pa janm fè limyè sou wòl yo te jwe nan espektak san vègòy sa a.

– Pa janm gen limyè ki fèt sou fason y ap bay bous-detid nan UEH la. Pèsonn pakonn si se sou baz meritokrasi oubyen kliyantelis.

– Pa gen okenn jefò administratif kifèt bò kote lòt enstitisyon nan peyi a pou met jèvrin ak nannan anndan estati etidyan nou genyen an. Se sèl anndan yon « bibliyotèk » ou ka antre ak yon kat etidyan. Pa gen okenn privilèj aprè swiv kou tèt anba nan kondisyon lawont.

– Pa gen materyèl pou kesyon sanitè. Poutan tout enstitisyon moun ap fonksyone ta dwe genyen dispozitif sekouris ak yon sal ki gen kèk enfimyè pou sizoka.

– Pa gen asirans medikal pou diferan aktè anndan Inivèsite a. Pa gen dispozitif an plas pou bay swenyay etidyan, pwofesè, pèsonèl elatriye.

– Pagen moun ki konnen sa k ap pase nan fakilte medsin. Pagen okenn esplikasyon ki bay pou konn kouman lopital la ap rekonstwi. Poukisa y ap retire nan kantite kabann ki te nan lopital la. Rektè yo pa janm di anyen sou pwoblèm rezidans kap poze nan FMP a. Ni sou moun ki di yo yo gen fakilte medsin nan peyi a poutan  ki pagen okenn lopital inivèsitè. Yo pito met kò yo dousman pou yo bay fakilte prive tikal posiblite pitit malere fakilte Leta yo genyen pou yo aprann nan.

– Pa janm gen anyen ki di anndan kominote a sou sa yo fè ak kòb postilan ki pa reyisi konkou yo. Poutan chak ane, se pa toujou menm kantite postilan ki enskri. Kèk fwa nonm lan konn monte, konsa tou l konn desann. Pèsonn pakonn kot kòb sa yo fè.

3- Sou plan anviwònmantal ak kondisyon fizik

– Batiman akademik yo fisire depi goudougoudou 12 janvye 2010 la. Pa janm gen anyen ki di. Dirijan se woulemdebò poutan etidyan ap endispoze anba chalè tòl, pwofesè sot lakay yo ak ventilatè pou yo seye toke kòn ak sitiyasyon an.

– Ensalibrite patou anndan inivesite a.

– Syanzimèn toujou sal menm si pat janm gen grèv. INAGHEI pran Avni Kristòf pou li tèlman fakilte a santi pipi. Papye etidyan siye dèyè yo tout atè nan tikwen twalèt la. Twalèt INAGHEI tèlman sal, nenpòt etidyan ka pran nenpòt maladi, a nenpòt moman.

– Etidyan Fakilte Lengwistik Aplike toujou ap swiv kou nan ti-kalòj yo te fè pou yo aprè 12 janvye a.

– Pèsonèl yo san materyèl pou yo travay. Sitou nou konnen li pa nòmal pou travayè ak travayèz yo ap pwòpte ak bout dwèt yo, san enstriman ki nesesè.

– Nan tout enstitisyon se yon gran sal tankou yon gwo kay ki sevi twalèt. Poutan nan antite yo se kou w parèt bouch twalèt la di w bonjou. Jiskounye, nou poko janm rive fè diferans ant twalèt ak latrin.

– Pwoblèm kouran fè kèk pwofesè gen difikilte pou yo fè kou.

– Kantite sal yo pakont pou vye tikras moun k ap entegre Inivèsite a chak ane. Alòske lajan postilan ki pa pase yo te ka sèvi pou ogmante kapasite dakèy Inivèsite a.

– Pa gen transpò pou pwofesè, etidyan ak pèsonèl ki pa gen machin, anplis ki ret lwen. Gen etidyan ak pwofesè ki ret jis Leyogàn san konte sak oblije anfème ti-kounouk nan kè Pòtoprens pou yo ka pi prè Inivèsite a.

B. Eleman konjonktirèl kriz la.

Enplikasyon UEH la nan kriz elektoral peyi a.

Eleksyon-lawont 9 dawou 2015 yo.

Meeting politik 29 septanm 2015 yo anndan inivèsite a, ki gen ti non-jwèt kenzèn prezidansyèl

Eleksyon-kèplen 25 oktòb 2015 yo.

Sanksyon kont etidyan ST GILLES Toussaint Mackendy.

Grèv pèsonèl administratif

Plis pase 3 semèn depi Kou kanpe

Rektora refize panche sou pwoblèm lan

Okontrè l ap prese fè eleksyon, aprè l fin bay Opon lebra ; li pral fè eleksyon pa l.

C. POZISYON AK REVANDIKASYON NOU

Ansanm konsiderasyon sa yo nou sot fè la montre n aklè sityasyon ak lavni Inivèsite Leta a pandye sou fil gògmagòg. Epi, konsèy egzekitif  la pwouve li pa gen kapasite pou rezoud konfli ak kriz tout kalte Inivèsite Leta a ap konfwonte. Okontrè se apse li met sou klou. Nou sot wè kòman li ankouraje yon bann deriv enstitisyonèl. Nan sans sa, nou mande :

– Demisyon an blòk konsèy egzekitif Inivèsite a aprè yo fin bay rapò jesyon yo nan tèt inivèsite a.

– Kanpe aksè ak syèj delege (ni pwofesè ni etidyan) ki gen manda yo ki fini yo.

– Kanpe pwosesis elektoral pou renouvle konsèy egzekitif la toutotan pa gen yon sòti sou kriz Inivèsite a.

– Mete sou pye yon konsèy egzekitif tranzitwa k ap gen tach: satisfè revandikasyon pèsonèl yo, rantre tout desizyon abitrè ak anti-enstitisyonèl konsèy aktyèl la pran, kreye kondisyon kredib pou eleksyon fèt nan tèt Inivèsite a, elabore yon lwa òganik ki respekte prensip dispozisyon tranzitwa yo.

Konsiderasyon sila yo montre aklè konsèy la pa kredib ni gen kapasite pou dirije Inivèsite a. Kidonk,se pou yo mare pakèt yo kite tèt Inivèsite a.

Nou p ap soti san de (2) zak anba yo pa konkretize anba plim konsèy tranzitwa a oubyen konsèy Inivèsite a limenm :

1) Rive manyen kriz konjonktirèl yo reyèlman : satisfè revandikasyon pesonèl la,entegrasyon kamarad etidyan yo met deyò san respekte prensip enstitisyon an, sitou Mackendy yo met deyò politikman, reyalize eleksyon kredib san achte moun k ap vote yo.

2) Yon KAYE REZOLISYON ki di klèman men kouman ak kilè  y ap manyen pwen pa pwen pwoblèm estriktirèl yo.

Related Articles

Latest Articles