11.5 C
New York
Tuesday, April 23, 2024

Pou kisa ou jwenn mwen

pensive womanMwen t ap travèse lavi

San m pa t ap chèche w

Epi ou jwenn mwen.

Mwen te tankou yon ti grenn

ki pèdi anba tè lavi

kote soufrans fin antere l.

Kòm tout grenn dwe pouri anvan l jèmen

Men yon lè wè pa wè, fò li donnen!

Se konsa lè ou jwenn mwen

Ou reveye santiman m

ki te antere nan somèy dezespwa

vle pa vle kè m bat pou ou ankò

ou fè lanmou donnen nan kè m.

yo di se gout pa gout zwazo bwè lawoze

se fèy pa fèy chou palmis boujonnen

se ne pa ne yon bèl gòl kann pouse-

malgre solèy la konn wout la,

sa pran l tout yon jounen pou l rive janbe syèl.

Li te pran w tan-

Men ou jwenn mwen !

Depi ou jwenn mwen an-

Yon jounen san m pa tande w

Se tankou yon lalin ki pran yon etènite pou li nouvèl

Se tankou yon ti limyè zetwal ki pran syèk avan nou wè l.

Mwen menm ki t ap mouri grangou damou-

Ak tout santiman m ki te pèdi nan fènwa dekourajman

Ou jwenn mwen.

Se vre-ou ban m lespwa limyè

E sa fè m souri damou.

Chagrin m ale-

Plim mwen pap janm sispann ekri kòman m santi m

Paske w jwenn mwen !

 

Otè a :  Malisa Marcou

Miami 4/9/2015

Like us on Facebook : www.facebook.com/magazine

Related Articles

3 COMMENTS

  1. Thank you so much @JeffKalyllJunior. Yes I have written once a poem in kreyol which you can find in the article “New Creature”. I do plan on continue to write in kreyol and hopefully in french as well. Thank you for your support.

  2. Clairebebe24 Indeed, Claire. You and this new poet are my my favorite. I wonder if ever write in Creole. I admire your writings. Keep it up.

Comments are closed.

Latest Articles