8.3 C
New York
Thursday, March 28, 2024

JOUNEN ANYÈL LIV NAN CONNECTICUT

Par Jeanie BogartCSMS Magazine Staff WriterPou salye epi tou pou di mèsi a Félix Morisseau-Leroy, yon kokenn gason ki te lite anpil pou fè aksepte kreyòl ekri a, gen yon gwo koudjay ki te fèt nan lakou Connecticut. Samdi 14 oktòb ki sot pase la a, HAPAC ki se asosiyasyon ayisyen pwofesyonèl nan Connecticut, te reyini yon bann ekriven ak atis nan Ferguson Library South End Branch pou selebre mwa doktòb la ki se mwa kreyòl. Se yon aktivite yo fè chak ane nan mwa doktòb ki toujou reyini gran ekriven ak atis ti soti tou patou.   Pami envite yo ane sa a te gen Maude Hertelou yon fanm vanyan ki ekri de liv en kreyòl san konte yon bann liv pou timoun an kreyòl ak angle. Li te fè yon bèl rale sou enpòtans lang kreyòl la nan sosyete kounye a. Yon lang kote dapre li sanpousan ayisyen pale men ke yon klas ki toujou kolonize nan memwa yo refize aksepte epi refize bay respè li merite a. Istwa Maude yo se istwa nou viv tou le jou. Istwa ki fè nou ri ki fè nou kriye. Nan liv Maude yo chak moun ka jwenn yon pèsonaj ki raple l yon moun li konnen oubyen yon moun nan fanmi l.   Apre sa te gen Berthony Dupont, yon jounalis nan jounal Haïti Progrès ki te fè yon bèl rale sou siv li ekri ki rele Jean-Jacques Dessalines Itinéraires d’un révolutionnaire. Li fè tout moun sonje jan l enpòtan pou nou raple jenerasyon apre yo sa Dessalines te fè pou ayisyen e kimoun li te ye.   Fèt la te kontinye ak atis pent Jerry MC Georges ki te bay sal la tout koulè ak bèl tablo ki ekspoze tou patou. Penti l yo te fè tout moun santi yo nan ben yo kòmsi yo te lakay. Pòtre machann fresko, nèg kap bat tabou, machann ak panye, elatriye. Lèw gade tablo Jerry ou pa ta di yon moun ki kite ayiti depi lontan.   Apre mwen te prezante yon powèm an kreyòl alòske Franz Benjamin yon powèt ki soti Canada te li yon powèm an franse, nou tou lede te jwenn pou nou li kèk lèt an kreyòl ke Solèy (yon nonm a letranje) ak Lalin (yon fanm an Ayiti) tap voye youn ba lòt. Yon bann lèt cho, sensyèl ki rakonte ekzil yon nonm, tribilasyon yon peyi, soufrans, kè kontan ak espwa yon fanm. Piblik la te ret bouch ouvè prèt pou bave. Kokenn zèv sa se Franz Benjamin ki ekri l. Lòt bèl zèv li yo pibliye deja nan edisyon Mémoire d’Encrier nan Canada.   Fèt la pateka fini san Jocelyne Dorismé Ki tap briye nan sal la ak yon gran wòb tout koulè ak pye kokoye sou li ki fèn sonje peyi dayiti. Li te fè tout sal la leve danse lèl kòmanse chante “Leve Kanpe”. San pran souf li te pase nan Choucoune, Yoyo, ak Ti Moun yo. Ti moun kou granmoun te antre nan won lè yo tande vwa Jocelyne ki pòtre yon boul lò k tap woule nan sal la.   Pou fèmen gwo koudjay sa a, ti moun Sosyete Koukouy yo te danse kèk bèl dans fòlklò koregraf Pascale Millien-Faustin te met sou pye.   Se ak anpil emosyon prezidan asosyasyon an Reine Boyer te remèsye tout envite ak espektatè yo pou prezans yo ak direktris Library a Madan Anderson pou bèl opòtinite sa a li bay ayisyen pou ede yo kenbe kilti ayisyèn nan vivan. Moun yo ak medya yo tankou Télé Catholique, Haitixchange.com, HTN, Connecticut Haitian Voice, elatriye ki pa janm rate koudjay sa chak ane deja ak anpil enpasyans ap ret tann ane pwochèn.Nòt : Jeanie Bogart(anwo sou foto a) se ékriven k’ap viv nan New York.Ou kapab li tou « La Mémoire » : https://csmsmagazine.org/news.php?pg=20060823I233

Related Articles

Latest Articles