8 C
New York
Thursday, April 18, 2024

“LÈT IFE AK SOUL” DÈNYE LIV MICHEL-ANGE HYPPOLITE LA

CSMS Magazine Staff Writer“Lèt Ife ak Soul” se tit dènye liv Michel-Ange Hyppolite ke tout moun konnen sou non Kaptenn Koukourouj fèk pibliye. Se yon ekip lèt yon nonm ak yon fanm ap voye youn bay lòt. Lèt lanmou, lèt memwa ki retrase istwa yo. Epi tou gen kèk powèm ki antre nan kò lèt sa yo. Teks yo an twa lang anndan liv sa a : kreyòl, franse ak angle.La a, nou trouve li bay twòp. Omwen de lang tap ase. Paske abitid se vis, nou pa ta renmen lektè yo espere sa a tout tan ni egzije yon gabèl konsa.Nan lèt sa yo li pataje ak lektè yo yon lanmou fò, yon lanmou ke souvni kenbe byen vivan malgre distans separasyon. Se lèt tradisyonèl yon pasyone lanmou ekri. Li menm fè yon etid filozofik sou kèk sijè tankou amoni, sajès nan separasyon, kreyasyon mantal elatriye.“Pi bèl amoni an se amoni ou kreye anndan pwòp tèt ou pandan ou ap analize tout aksyon ou ansanm ak tout kalite pawòl ki abitye soti nan bouch ou”. (Page 27)Anba kout plim Michel-Ange Hyppolite nan “Lèt Ife ak Soul” ou wè se yon pwofwsyonèl k ap ekri. Imaj yo bèl epi ekriti a koule dous. Poutan nou remake de twa mo ki franse, men ki ekri an kreyòl, anndan kèk tèks. Se premye fwa yon ekriven ayisyen pibliye yon liv konplè sou yon seri lèt korespondans an kreyòl. Se yon gwo efò pou fè vanse, rekonèt ak aksepte kreyòl la kòm lang tankou tout lòt lang. Pou sa ka ale pi lwen nou pral bezwen patisipasyon syantis konsyan yo pou fè etid epi travay sou semantik mòfoloji fonetik ak fonoloji lang la san nou pa bliye enpòtans wòl lexikològ yo nan travay fondamantal sa a.Kwak ekriti a senp, ide yo ak fon panse yo konplèks. Yo mennen lektè a nan yon monn filozofik kote l fasil pou yon lèkte k ap chache sansasyon pèdi osinon dekouraje.“Nan peryòd lapè ak amoni tankou nan tan boulvès, relasyon mwen avèk ou se youn ti vwayaj tou piti zuit pou de moun, kote chak deplasman nou fè, chak pous teren nou apante, se youn dekouvèt sou pwòp tèt nou. Nou ap vwayaje, men vwayaj sa a se youn chantye kote nou ap konstui pwòp tèt nou”. ( Page 85)“Lèt Ife ak Soul” pote yon leson lanmou ak sajès. Sepandan nou santi gen yon ti mank nou ta vle plis nanm, plis fòs, plis piman, plis jèvrenn nan lèt yo sitou nan lèt Ife yo ki se yon gason.Michel-Ange Hyppolite pou sa k pa konnen l se pwofesè lang kreyòl ak syans jeneral nan lekòl segondè nan Canada. Li se kritik literè e il se manm Sosyete Koukouy Canada. Li deja pibliye Istwa pwezi kreyòl Ayiti (2000) Li Konprann Ekri: yon ti jaden Kreyòl (1996) Zile nou (1995) Atlas/Leksik Zo moun (1989) Anba-Lakay (1984).Se Edisyon Productions Koukourouj ki pibliye liv Michel-Ange Hyppolite la “Lèt Ife ak Soul”. Li gen 123 paj. Interese yo ka jwen li nan sit www.michelangehyppolite.com.

Related Articles

Latest Articles