8.4 C
New York
Thursday, March 28, 2024

LÈ LENOUS SIMEN PAWOLI SOU NOU

Nan okazyon mwa d oktòb la ki se mwa yo selebre kreyòl toupatou nan lemonn, mwen te fè yon lòt ti kout je sou kèk liv pwezi an kreyòl ki chita nan bibliyotèk mwen. Yonn nan yo ki satuyèt sans pwetik men se Pawoli, yon liv pwezi an kreyòl ke Lenous (Nounous) Suprice ekri.

            Nan premye pati tèks yo, nou vle wè yon ti panchan pou politik ki petèt ka bay moun ki pa fanatik politik yo yon ti kè sote.

 Y anwo

nou tra

n anba

yo tra

yo antravè

nan gòj devni nou

nou antrave

ak kout ponya mannigans yo (paj 19)

            Men lè lektè ya komanse antre anndan tèks yo, l ap wè se pa sa l te panse a. Pwezi vin sou tout fòm. Se pa sijè a ki enpòtan, se pito jan otè a trete sijè ya. Pa egzanp gen pwezi ki pale de lanmò, gen lòt ki rive fè yon revolisyon epi genyen ki pote kè kontan. Nan premye pati liv la nou fè konesans ak yon pwezi rezistans, yon pwezi louvri je:

Nan benyen toutouni

m prefère mil fwa

wè men elmi an

k ap tire m wòch

pase “zanmi” an

k ap kase tèt mwen

ak men li byen maske

sou lonbrik madichon ipokrizi l (paj27)

            Epi pou l al kontre ak yon ekip pwezi pwovèb lakay:

 Si malsite te koulè lò

pèp ayisyen

t ap dyòl dore (paj 36)

              Dezyèm pati liv la se chita lonje pye ladouskivyen ap vini. Otè a montre yon lòt vizaj pèsonn patap atann. Li dezabiye kè l san ipokrizi pou l vide doudous lanmou sou papye a avèk yon alèzkò nou pa rankontre souvan kay powèt ayisyen.

Bonnèt ou ranpli ra bòl

tanto w ap danse danse w

m santi w konn danse

tanto ou chita chita w

m sezi wè w chita

yon lòt kadè w ap sote sote w

m rejwi lè w sote jan sa a

sou tout longè chimen dekoupe m (paj 55)

            Sa ki fè bèlte pwezi Lenous yo se estetik nou jwenn anndan tèks yo. Gen yon soupson pwovokasyon anmenmtan gen yon jan li miyonnen mo yo, fè yon rale mennen vini ak yo jiskaske yo tonbe lan plas yo san fot, ki fè pèsonn paka grate tèt.

            Pawoli se yon liv 87 paj ke edisyon CIDIHCA te pibliye nan Kanada. Yon lòt fwa ankò Lenous merite nou retire chapo devan l. Li fè nou wè gen yon travay positif k ap fèt pou avansman lang kreyòl la, lang manman tout ayisyen. Men sepandan, ti pataj sa a patap bon si m pa kase timoso nan tèks sa a ki pran plezi l ak teke mab anndan kè m depi m te fin li liv sa a:

Mwen mande w

 

wete tout niaj sou syèl mwen

file m an sèvolan

epi monte m apik

toupre tèt flèch manzè liminasyon.

M fè tèt

ou sakad pou mwen

m refè tèt

ou bwamitan pou mwen…

lè m soti pou m pike

ou redi m

ou ban m fil mòl

apre ou fè m dodomeya

pou m sa sispann gwonde (paj 67)
Osi kade lot atik an kreyol

Leve kanpe pou konbat vyolans sou Fanm!

Related Articles

Latest Articles